Accessibility links

Breaking News

Ayiti Pap Gen Eleksyon Anvan Fen Desanm


Men prensipal nouvèl Ayiti ki psae nan jounal kreyòl VOA pou rive nan mitan jounen jedi 17 novanm 2005 la. Ou ka tcheke lyen/ralonj ki anlè a pou w tande tout repòtaj yo.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a fè konnen kontrent lojistik se youn nan faktè ki kapab fè eleksyon yo pa dewoule nan mitan mwa Desanm nan. Sou dosye sa a, nou genyen Jean Max Blanc depi Pòtoprens.

Yon group entelektyèl ayisyen lanse yon mouvman rasanbleman pou alyans ka fèt ant sèten kandida, sanble se pou bare wout la devan ansyen prezidan Lavalas René Garcia Préval. Yon korespondans Jean Pierre Leroy depi kapital ayisyèn nan.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a anonse li pral distribiye Kat Idantifikasyon Nasyonal yo (yo se kat elektoral tou) nan jou kap vini la yo. Anons sa a pote yon soulajman pou elektè Depatman Latibonit yo, dapre Jonathan Joseph.

Nan Sidès peyi dAyiti, kèk nan kandida yo denonse absans koòdinasyon nan travay manm konsèy elektoral la, daprè yon korespondans Jean Martinez ki nan Jakmel.

Majistra yon vil nan Sid peyi dAyiti menase pou l pousuiv devan lajistis tout kandida kap mete grafiti sou edifis piblik yo san otorizasyon. Korespondan nou Jn-Ernst Eliscar gen detay depi vil Okay.

Nouvo Chaje Dafè Lèzetazini an annAyiti vizite zòn nò peyi a nan moman yon pati nan pèsonèl sektè sante Kapayisyen fèmen lekòl enfimyè vil la pou yo pwoteste kont yon desizyon responsab Sante Piblik yo. Presizyon avèk korespondan nou Yvan Martin Jasmin depi Kapayisyen.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka tande nouvèl sa yo an detay.

XS
SM
MD
LG