Football
Los Anjeles Galaksi ranpòte 10 zièm edisyon chanpyona football Lig Balonwon Ameriken gras ak yon viktwa an pwolongasyon 1 a 0 yo ranpòte devan New England Revolution yè aprè midi nan Frisco Tekzas. Guillermo Ramirez make bout gòl la an favè Galaksi ki ranpòte trofe a pou yon 2 zièm fwa apre 5 tantativ.
Lig Football balonwon ameriken an anonse li pare pou l ajoute 2 lòt klub nan lig la. Youn pami klub yo ap soti nan Toronto Kanada. Komite Direktè Lig la fikse a 15 milyon dola frè enskripsyon pou klub yo peye jusko 31 Desanm. Apre dat sa a responsab yo di yap ogmante pri a pi rèd.
Nenad Djorjevic ak Nikola Zigic make yon gòl yo chak nan viktwa 2 a 0 Sèbi ak Montenegro ranpòte devan la Chin nan kad yon match amikal Sèb yo jwe ak la Chin. La Polòy woule Ekwatè 3 a 0 epi Paragwe ranpòte kwadrangulè ki sot dewoule nan Teheran apre viktwa 1 a 0 yo ranpòte devan Masedwan 1 a 0. Iran fini an 3 zièm pozisyon gras ak yon swif 2 a 0 yo ranpòte devan Togo. La Swis ki ranpòte yon viktwa a domisil Samdi fas a la Turki 2 a 0 nan match de baraj ale pou kontinan Europeyen an. Swis yo fè yon pa nan direksyon pou l kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006-la lè 2 ekip yo ap rankontre nan match retou a Mèkredi.
Espay ki ranpòte yon viktwa Lavalas 5 a 1 pa ta dwe gen twòp pwoblèm pou l kalifye. Trinidad and Tobago dwe fè anpil efò pou l kalifye apre match nul 1 a 1 li fè ak Baren nan Port of Spain. Urugwe ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Ostrali. Urugwe bezwen yon nul pou l kalifye pou faz fnal la. Kapitèn klub Italyen Paolo Maldini anonse posibilite pou l pran retrèt li an lan 2007--ane kontra l ap fini ak klub la.
Sèvis ransèyman enteryè alman responsab pou l kontwole tout dosye akreditasyon pou volontè, jounalis ak jwè kap prezan nan stad yo pandan dewoulman koup du mond la kap kòmanse soti 9 Jwen pou l fini 9 Juyè. Selon responsab yo Sèvis la ap ekzamine 220 mil dosye ak objektif pou evite tout atak teroris.
Football Ameriken
Indianapolis Colt poko pèdu oken rankont juska prezan. Colt yo remonte yon defisi pou ranpòte 9 vièm viktwa yo 31 a 17 fas aHouston Tekxans. New York Giant tonbe devan Minnesota Vikings 24 a 21. Tampa Bay Buccaneers remonte yon defisi pou l kale Washington Redskins 36 a 35. New England Patriots ranpòte la viktwa devan Miami Dolphins 23 a 16. Aswè a Dallas Cowboys pral lakay Philadelphia Eagles
NBA
Finalman New York Knicks, ki gen nan tèt li Larry Brown, ranpot̀e yon viktwa nan NBA. Yè swa New Yorkè yo kale Sakramento Kings 105 a 95 apre yo subi 5 defèt afile. Toronto kontinye ap monte yon maswife apre yo tonbe an pwolongasyon devan Seattle Supersonics 126 a 121 pou mete yo ak 0 viktwa 6 defèt. Menm situasyon an pou Atlanta ki pèdu 6 premye rankont nan lig la. Lebron James, ki prèske gen 21 lane, tounen pi jèn jwè ki make 4 mil pwen nan NBA apre 26 pwen li make nan viktwa 108 a 100 Cleveland Cavaliers ranpòte devan Orlando Majik--10 pwen an plis de Kobe Bryant te make lè l te gen 21 lane. Boston Celtics krabinen Houston Rockets 102 a 82 sanbliye Denver Nuggets ki ranpòte yon viktwa tou mens devan Minnesota Timberwolves 102 a 91.
Ayiti Judo Ayiti ranpòte yon meday darjan nan chanpyona Junenil Panameriken ki sot dewoule nan San Jose Kosta Rika.
Jacque Rogge
Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal Jacque Rogge anonse lap tann juskapre je zolenpik Peken 2008 yo avan li deside si wi ou non li pral dèyè lòt manda an 2009. Nan yon entèview msye Rogge bay yon jounal Alman li di li dwe konsidere pasyonn pou travay la, kondisyon sante l ak supò li jwen pami kòlèg yo avan li pran yon desizyon.
Tennis
Ameriken Andre Agassi fè retrè nan konpetisyon tenis dè Mèt kap dewoule nan Shangai an Chin apre li tonbe an 2 manch devan Rus Nikolay Davidenko 6-4, 6-2. Espayòl Rafael Nadal rale kò l apre li fè bèk atè devan arjanten Gaston Gaudio. Mariano Puerta ranplase Nadal pou l al rankontre ak Gauston Gaudio pita nan jounen an.. Chilyen Fernando Gonzale ranplase Agassi nan group dò a. 2 retrè sa yo afekte tounwa a ki te supoze reyuni 8 meyè jwè tenis mondyal la. Ameriken Andy Roddick ak Rus Marat Safin te deja rale kò yo avan dewoulman tounwa a akoz blesu. Ostralyen Lleyton Hewitt rete nan peyi l pou l asiste nesans premye pitit li ak Rebecca Cartwright.
Numero 1 mondyal tenis pami gason yo , suid Roger Federer, se youn nan venkè premye jounen tounwa dè mèt-la, nan Shanghai nan Lachin. Federer di sa gen dezoutwa semèn li te sou beki e kounye-a lap jwe kont pibon pami pi bon yo. Li te gen pwoblèm se vre men li bat Nalbandian 2 manch a 1. Lòt venkè se Kwoat Ivan Ljubicic ki rejte pawòl pèdan-an, Guillermo Coria, ki di teren-an te twò glise.Li di teren-an te ontijan glise men li pat pi rapid pase sa.
Franse Amelie Mauresmo te bezwen 3 manch pou l kale konpatriòt li Marie Pierce 5-7, 7-6, 6-4 nan tounwa tenis tenis feminen Los Anjeles la. Ameriken Lindsay Davenport, ki pèdu nan semi final tounwa a, fini ane a kòm numewo 1 mondyal feminen pou yon 4 trièm ane afile.
Natasyon
Najè Sud Afriken Ryk Neetling domine ouvètu chanpyona du mond Natasyon an kap dewoule nan Durban, Afrik du Sud. Neetling, ranpòte 2 lòt meday dò nan 6 disiplin nan konpetisyon an ki dure 3 jou. Chanpyon du mond ak Olenpik Natasyon Ostralyen Grant Hackett anonse li pap patisipe nan je Commonwealth yo kap kòmanse 15 Mas 2006--Gen bri kap kouri kòm kwa Hackett ap pran yon repo pou l kapab prepare pou chanpyona du mond la an 2007 ak Je zolenpik Peken 2008 yo.
Leve de pwa chinwa ak Rus bat rekò du mond nan chanpyona kap dewoule nan Doha,Katar.