Accessibility links

Breaking News

Trinidad and Tobago fas a Baren pou yon Tikè faz final Koup du Mond la


Football

La tè pral tranble nan Port of Spain nan Trinidad lè seleksyon lokal la ap akeyi Baren nan kad match de baraj ale eliminatwa koup du mond Almay 2006 la. Urugwe ap resevwa Ostrali tou nan kad match de baraj ale ant 2 ekip yo kap goumen pou yon tikè nan faz final koup du mond la.

Sou kontinan Europeyen an pou match de baraj ale--Espay kont Slovaki, Norvèj kont Republik Tchèk. La Swis kont Turki. Novèj kont Republik Tchèk. Match retou yo fikse pou Mèkredi 16 Novanm kap detèmine dènye kalifye yo.

An Frans demen Samdi a Almay ap rankontre ak la Frans nan kad yon match amikal chofe jarèt--2 seleksyon yo ap pote mayo yap utilize pandan koup du mond la. Arjantin ap rankontre ak Angletè an Swis nan okazyon yon match amikal chofe jarèt.

Yon lòt kote Diego Maradona mete akote yon òf pou l ta fè pati kad teknik seleksyon Arjanten ki pral patisipe nan faz final koup du mond Almay 2006 la.

Match ki te supoze jwe ant Brezil ak Koweit Mardi repòte akoz yon seri de jwè brezilyen pap disponib. Match la kapab jwe an lan 2006. Brezil te dwe jwe yon rankont demen Samdi a ak Emira Arab Uni yo men rankont sa a anule tou apre yon seri de klub refuze libere jwè yo.

Football Ameriken Responsab yo nan Lig Football zèpòl kare a anonse yo jwen yon antant pwovizwa pou tabli yon ekip nan Los Anjeles ki pa gen yon ekip depi 1995. Responsab lig la pa fikse yon dat.

NBA

Los Anjeles Clippers byen demare sezon NBA a apre yo wouze Atlanta Hawks 102 a 95 pou mete ak 5 viktwa 1 defèt pou la premyè fwa depi 1985. Hawks juska prezan poko ranpòte oken viktwa. Nan Miami Dwayne Wade make 25 pwen nan viktwa tou mens Miami Heat ranpòte devan Houston Rockets 88 a 84. Detroit Pistons remonte yon defisi 8 pwen pou l kale Phoenix Suns 111 a 104--viktwa ki pèmèt Detroit bat yon palmarès 5 viktwa 0 defèt.

Dopaj

Ansyen kourè an sal ameriken, Larry Wade resevwa yon suspansyon retroaktiv 2 zan apre li te teste pozitif pou uzaj anabolizan an Me 2004. Responsab anti dopaj ameriken yo di Wade ap purje suspansyon an depi 12 Juyè 2004 --sa vle di msye ap pèdu tout rezulta ak salè li te ranpòte depi Me 2004. Wade ki gen 30 tan ap kapab retounen sou teren an nan 7 mwa.

Boxe

Boksè ameriken Hasim Rahman se nouvo chanpyon pwa lou Konsèy Mondyal Boks la apre boksè Ukrenyen Vitali Klitschko anonse retrèt li Mèkredi. Yon reprezantan ansyen chanpyon pwa lou Boksè ameriken Mike Tyson gen pou konparèt devan yon tribunal jodi a O Brezil apre yon boukantay kout pwen ant boksè ak yon cameraman. La polis fè konnen yo kapab akuze Tyson pou tèt li te atake cameraman nan ak destruksyon propriyete. La polis di Tyson dakò li te jete kamera a men li demanti pawòl kap di kòm kwa li ta kofre cameraman nan ak kout pwen.

Tennis

Franse Marie Pierce ap rankontre nan semi final tounwa tenis dè mè feminen kap dewoule nan Los Anjeles jodi a. Dvenport ap rakontre ak Rus Maria Sharapova--rankont kap pèmèt ki lès pami meda m yo kap klase numewo 1 mondyal pou fen ane a.

XS
SM
MD
LG