Accessibility links

Breaking News

Ayiti ap patisipe nan Je Panameriken Judo pou ti Moun nan Kosta Rika


Judo

5 judoka ti moun ayisyen ap reprezante Ayiti nan chanpyona Judo Panameriken ki gen pou dewoule nan San Jose Kosta Rika soti 11 pou rive 12 Novanm ,dapre yon nòt Prezidan Federasyon Judo ayisyen an Ernst Laraque voye ban-nou.

Football

Konfederasyon Football Afriken an publiye lis 5 finalis meyè footbalè afriken pou ane a. Kamerounè Samuel Eto’o, Ivwaryen Didier Drogba nan tèt lis la ansanm ak Togolè Emmanuel Adebayor, Maroken Marouane Chamakh ak Ganeyen Michael Essien. Tout 5 jwè yo ap evolye nan chanpyona Europeyen an. Responsab yo ap anonse loreya a 9 Janvye nan kapital Nijerya a Abuja.

New England Revolution ap rankontre ak Los Anjeles Galaksi nan final nasyonal chanpyona lig football balonwon ameriken an. New England kalifye pou final la apre ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Chikago Fire aloske Galkasi rive nan final la gras ak yon swif 2 a 0 yo pase Kolorado Rapids.

Sou kontinan Europeyen an Juventus de Turen toujou rete nan tèt chanpyona Italyen an gras ak yon rakle 3 a 0 li pase Livorne pou l rete ak 2 pwen devan Milan ki danse sou Udinese 5 a 1. An Espay Osasuna kontinye kenbe tèt chanpyona gras ak yon viktwa 2 a 1 li ranpòte devan Real Sociedad. F C Barselòn fè yon sèl bouche ak Getafe 3 a 1 pandan ke Real Madrid ranpòte yon viktwa tou mens devan Saragosse. An Angletè Manchester United suprann Chelsea ak yon viktwa 1 a 0 nan okazyon 12 zièm jounen chanpyona Angle a. An Almay Herta Berlen wouze Kaiserslautern 3 a 0. Bayern de Munich tronse Werder de Brem 3 a 1.

Seleksyon Italyen an konvoke Marco Amelia pou kanpe nan gò l peyi a nan moman yap pare pou rankontre ak ak La Oland nan Amsterdam le 12 Novanm epi le 16 Novanm kont Kot Divwar an Swis La Frans mete tèt nan direksyon Martinik kote li pral rankontre ak seleksyon Kosta Rika Mèkredi pou yon match chofe jarèt. Resèt match pral jwenn fanmi 150 viktim aksidan avyon ki te fèt O Venezuela 16 Out pase a. Franse yo gen pou rankontre ak Almay avan yo tope kòn yo ak Slovaki an Mas 2006.

Atletisme

Kourè Kenyan Paul Tergat ranpòte marathon New York la devan chanpyon sòtan an Sud Afriken Hendrick Ramaala ak yon sekond. Letonyèn Jelena Prokopcupa ranpòte kategori meda m yo devan kourè Kenyan Susan Chepkemei ak 14 sekond.

Kenyan James Saina ranpòte maraton ki tap dewoule nan vil Atè n devan konpatriòt li Sammy Chemweno ak Paul Kanda. Etyopyèn Measo Sisay ranpòte kategori meda m yo. Komite Olenpik Nasyonal Maròk la non-men doub chanpyon Olenpik Hicham El Guerrouj nan tèt komisyon Atlèt peyi a ak misyon pou defann enterèt atlèt yo ansanm ak amelyorasyon kondisyon la vi yo. El Gerrouj kontinye ap antrene depi Septanb an preparasyon pou pwochen rankont atletisme an sal ak chanpyona du mond ki gen pou dewoule nan vil Moskou.

Atlèt, ki tap patisipe nan je Azi de Lès yo retounen lakay yo apre yo sot patisipe nan konpetisyon ki te dure 9 jou nan Macau. La Chin ranpòte yon total 223 meday pami yo127 an ò nan 17 disiplin. Japon fini an 2 zièm pozisyon ak yon total 46 meday an ò pandan Sud Koreyen fini an 3 zièm pozisyon.

La Chin ranpòte meday dò nan Football apre li kale Kore du Nò 1 a 0. Japon konsole l ak yon meday de bronz apre li woule Kore du Sud 4 a 1. La Chin ranpòte meday dò nan basketball feminen apre li kale Taiwan 71 a 67. Seleksyon basketball Taiwan nan ranpòte kategori maskulen an apre viktwa 60 a 55 yo ranpòte devan Japon. Asistan chèf delegasyon Chinwa a di yo konsidere je yo kòm yon tès pou jè n atlèt chinwa avan dewoulman je zolenpik Peken 2008 yo.

Nasyonzuni fè konnen utilizasyon dròg tounen yon problèm grav pandan li mande yon apròch zero tolerans pou rezoud pwoblèm nan. Adolf Ogi, konseye spesyal spòtif Sekretè Jeneral Nasyonzuni Kofi Annan, deklare yè Dimanch la nan Kopenhag la, yon solisyon radikal nesesè pou konbat utilizasyon dròg pou amelyore kondisyon atlèt yo nan spò. Mwa pase a UNESCO te aprouve Konvansyon entènasyonal anti dopaj la. Akò a se premye enstruman legal spòtif ki vize eradike dopaj nan spò. Konvansyon an bezwen 30 peyi pou ratifye l--yon konvansyon msye Ogi espere ta dwe aprouve avan dewoulman je zolenpik divè Turen Fevriye 2006 yo. Konvasyon ekzije atlèt tout kote sou tè a pou resevwa menm tretman ak menm sanksyon nan ka yo ta vyole règleman yo.

Footbal Ameriken

Aswè a Indianapolis Colt pral lakay New England Patriots nan kad match ki jwe chak Lendi. Washington Redskins Philadelphia Eagles klase nan ke kamyonèt la nan Konferrans NFC a Es la apre yo tonbe devan WAshington Redskin 17 a 10. Viktwa ki mete fen nan 7 defèt afile Redskin subi de van Eagles yo pou amelyore pèfòmans yo ak 5 viktwa 3 defèt nan moman nan rive nan mwatye sezon an. San Diego Chargers ranpòte yon viktwa de justès devan New York Jets 31 a 26. Atlanta Falcons supran Miami Dolphins 17 a 10. New York Giants danse sou San Francisco 49ers 24 a 6. Baltimore Ravens tonbe devan Cincinnati Bengals 21 a 9.

Basketball

Kobe Bryant make 37 pwen pou ede Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa 112 a 92 devan Denver Nuggets. Larry Brown kap antrene New York Knicks poko ranpòte yon viktwa apre ekip la tonbe de justès 83 a 81 devan Golden State Warriors. Sakramento Kings suprann Phoenix Suns ak yon viktwa 118 a 117 gras a Peja Stojakovic ki make 33 pwen ak Abdur Rahin ki kore viktwa a ak 23 pwen epi trape balon an 12 fwa.

Tennis

Franse Amelie Mauresmo ranpòte tounwa tenis Advanta pou yon 3 zièm ane afile apr eli kale Rus Elena Dementieva 7-5, 2-6, 7-5. Ameriken Amy Frazier ranpòte tounwa tenis Kebek la gras ak 2 kout rakèt li pase franse Swedwa Sofia Arvidsson 6-1, 7-5.

XS
SM
MD
LG