Football
Antrenè seleksyon alman an Jurgen Klismann publiye lis jwè kap patisipe nan match amikal kont la Frans 12 Novanm kap vini la a. Antrenè seleksyon franse a Raymond Domenech publiye lis ki pral jwe match amikal kont Kosta Rika nan Martinik 9 Novanm ak kont Almay nan stad de Frans la le 12 Novanm. Mitan teren Juventus de Turen an Tchèk Pavel Nedved soti an retrèt pou l vinn ede seleksyon an kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 la. Republik Tchèk gen pou-l jwe yon match de baraj ale/retou kont la Norvèj 12 ak 16 Novanm.
Klub football Angle klase pou faz dechoukaj Lig dè Chanpyon Europeyen an gras ak yon swif 3 a 0 yo pase Sparta de Prag. Ajax Amsterdam tronse klub Thun 4 a 2 pou l kalifye nan yon rankont gason pa kanpe. Bayern de Munich kontinye ap tann apre defèt 2 a 1 li subi lakay Juventus de Turen nan group A a. FC Bruges suprann Rapid de Vyèn ak yon viktwa 3 a 2. Barselòn mete l pi prè yon kalifikasyon apre li wouze Panathinaikos 5 a 0. Werder de Brèm kale klub Italyen Udinese 4 a 3. Benfika tonbe devan Villarreal 1 a 0. Lille suprann Manchester United 1 a 0. Tounwa a ap rapousib 22 ak 23 Novanm. Dènye rankont final pou chak group fikse pou 6 ak 7 Desanm.
Je Azyatik
Japon ranpòte 10 tit sou yon total 13 konpetsiyon pandan ke la chin ranpòte 7 konpetisyon natasyon sou yon total 8 nan okazyon je Es Azyatik yo kap dewoule nan Macau. La Chin domine tablo meday yo ak yon total 142 pami yo 87 an ò. Japon klase 2 zièm ak 108 meday pami yo 22 an ò. Kore du Sud klase 3 zièm ak yon total 81 meday
NBA
Aswè-a nan NBA a Indiana Pacers pral lakay Miami Heat. Phoenix Suns pral lakay Los Anjeles Lakers. Yè swa Boston Celtics byen kòmanse sezon an ak yon viktwa an pwolongasyon 114 a 100 devan New York Knicks. Nan Orlando Ron Artest retounen pou l ede Indiana Pacers danse sou Orlando Majik 90 a 78. Kobe Briant make pwen ki pèmèt Lakers yo ranpòte la viktwa devan Denver Nuggets 6 sekond avan fen pwolongasyon an 99 a 97--yon viktwa pou akeyi retou Phil Jackson nan tèt Lakers yo.
Washington Wizards ranpòte yon viktwa de justès devan Toronto Raptors 99 a 96. Miami Heat danse sou Memphis Grizzlies 97 a 78. Chikago Bulls te fè anpil efò avan li kale Carolina Bobcats 109 a 105. Golden State Warriors pilon-nen Atlanta Hawks 122 a 97.
Tennis
Rus Nikolay Davydenko kalifye pou kar de final tounwa tenis dè mèt yo nan vil Pari apre li pase konpatriòt li Dmitry Tursunov 3 kout rakèt 3-6, 6-2, 6-3. Espayòl Tommy Robredo kalifye tou gras ak yon viktwa an 2 manch li ranpòte devan Novak Djokovic 6-4, 6-3.
Franse Nathalie Dechy kalifye pou pwochen tou tounwa tenis Kebèk la gras ak 2 kout rakèt li pase ameriken Ashley Harkleroad 6-4, 6-1. Ameriken Laura Granville tonbe devan Slovak Henrieta Nagyova 6-2, 7-5. Rus Elena Vesnina ranpòte yon viktwa devan Italyen Antonella Serra Zanetti 6-3, 6-3. Swedwa Sofia Arvidsson te bezwen 2 manch pou l debarase l de Britanik Anne Keothavong 6-3, 6-1.
Atletis / Dopaj
Yon tribunal spòtif nan vil Kolòy an Almay mete akote tout soupson ki tap peze sou do atlèt ameriken dorijin Kenyan Bernard Lagat ke li ta konsome dròg. Tribunal la renonse pou l kondane Federasyon Atletis Entènasyonal la pou peye atlèt la 604 mil dola domaj ak enterè pou fo akuzasyon a. An Out 2003 responsab anti dopaj yo te jwen vis chanpyon olenpik la teste pozitif pou substans Erithropoietine pandan yon vizit supriz. Sepandan yon 2 zièm tès pa jwen tras substans la nan urin atlèt la men desizyon an te twò ta donk Lagat rate chanpyona du mond atletis ki te dewoule nan vil Pari an Out 2003. Federasyon dakò pou l reentegre ameriken an akondisyon li abandone aksyon an justis li pran kont yo. Responsab yo bay atlèt la juska Desanm pou l pran yon desizyon.
Kourè Kenyan Martin Lel, ki sot ranpòte maraton Lond la ane sa a fè konnen lap patisipe nan maraton New York la Dimanch 6 Novanm nan malgre li blese nan jenou. Pami lòt ki kapab patisipe nan konpetisyon an gen Kenyan Paul Tergat, Sud Afriken Hendrick Ramaala, Etyopyen Hailu Negussie ak Tesfaye Jifar ak ameriken Meb Keflezighi.
Kourè Britanik Dwain Chambers,kap purje yon suspansyon 2 zan pou uzaj tetrahydrogestrinone, ap planifye pou retounen sou sèn atletis entènasyonal la an lan 2006. Dwain te pami atlèt ki te mele nan skandal laboratwa Kalifònyen Balco ki te fabrike pwodui THG. Gen plizyè lòt non atlèt renomen ki te gen non yo site nan skandal la. Atlèt ameriken Jerome Young pap resevwa meday de bronz li te ranpòte nan relè 4 par 400 mèt li te ranpòte nan je zolenpik Sidne 2000 yo akoz li te teste pozitif pou dròg avan konpetisyon an an 1999. Michael Johnson, Antonio Pettigrew, Angelo Taylor ak Alvin Harrison ap konsève meday de bronz yo te ranpòte pou ekip ameriken an. Federasyon Atletis Ameriken an te oblije afè a apre jounal ameriken Los Anjeles Times te publiye yon atik ki te pale Young ki teste pozitif an 1999 malgre responsab yo te okouran yo te kite l patisipe nan je zolenpik Sidne 2000 la.
CYCLISME
Fabrikan pwodui famaseutik EPO anonse yap patwone pwochen kous bisiklèt Tour Kalifòni an an Fevriye pwochen. EPO, ki se yon pwodui ki sèvi nan tretman pasyan kap soufri ak kansè ak pwoblèm nan ren, figure sou lis ki entèdi nan spò depi ane 90 yo. Ekip CSC siyen yon kontra ak 2 nouso siklis pou reprezante nan pwochen sezon an. Siklis Ukrenyen Volodymir Gustov ak Stuart O’Grady