Accessibility links

Breaking News

Prensipal Nouvèl Entènasyonal Pou Maten 3 Nov 2005


Gwoup al-Qayida Irak la anonse desizyon li pran pou l’touye 2 anplwaye anbasad peyi Mawòk nan Baghdad ke li te kidnape mwa pase a. Gwoup la anonse desizyon an maten 3 novanm nan sou yon sit web islamis.

Delege Japon ak Kore di Nò --ki fè pati negosyasyon kap fèt sou pwogram nikleyè nò -koreyen-an-- reyini nan vil Peken, nan Lachin, pou yo abode kesyon ki enterese 2 peyi yo.

Gouvènman chinwa a konfime ke pwochen seri chita-tande sou dosye nikleyè Kore di Nò a pral tanmen nan Peken 9 novanm kap vini an.

Gouvènman endonezyen an fè konnen lajistis pap redui santans lidè relijye mizilman, Abou Bakar Bashir, pami desizyon y'ap pran pou make yon gwo fèt relijyon islamik la.

Ansyen wo-fonksyonè La Mezon Blanch Lewis Libby genyen pou l konparèt jodi a devan yon tribinal pou l' reponn akizasyon dèske li te fè fo deklarasyon e li te eseye bloke travay lajistis nan yon ankèt ki t'ap fèt pou konnen kilès moun nan la Mezon Blanch ki te revele bay laprès non yon ajan CIA.

Minis defans Izrayèl la, Shaul Mofaz, deklare eta ebre a papral chache gate eleksyon palmantè Palestinyen yo, nan mwa janvye 2006 la.

Nan peyi Etyopi, doktè fè konnen gen pou pi piti yon moun ki mouri e omwen 8 lòt blese, nan lese-frape ki rekòmanse nan kapital la, Addis Abeba, ant lapolis ak manifestan.

Tcheke ralonj anlè tèks sa a pou w ka tande detay tout nouvèl sa yo

XS
SM
MD
LG