Accessibility links

Breaking News

Final Super Koup d"Ayiti ap Dewoule Demen


Football

Demen apre midi A S Mirbalè kont Tampèt de Sen Mak nan kad final Supercoup dAyiti ki se trofe Primatu a ofri. Viktori kont FICA du Cap

D C United elimine nan tantativ li tap fè pou l te ranpòte tit MLS la yon 2 zièm ane afile. Yè Dimanch la Chikago Fire boule chanpyon sòtan an ak swif 4 a 0--pou al rankontre nan final konferans de Lès la ak New England Revolution ki elimine New York Metro Stars.

Nan konferans de Lwès la Los Anjeles Galaksi ap rankontre ak Kolorado Rapids. Kolorado Rapids kalifye sou tir de penalite 5 a 4 apre tan reglemantè a te fini 2 a 2-ayisyen Jean Philippe Peguerro make gòl viktwa a apre gadyen ekip la te kenbe 5 kièm penalite ekip advès la.

Franse Philippe Troussier yon kontra 4 tran pou l antrene seleksyon footbal Maròk la. Troussier gen pou misyon ede seleksyon an patisipe nan Je zolenpik Peken 2008 yo, Final koup dAfrik dè Nasyon an ak kalifikasyon seleksyon an nan koup du mond Afrik du Sud 2010 yo. Troussier, ki te nan tèt seleksyon nasyonal Japon an an 2002, te seleksyone sou yon lis 9 antrenè. Msye te antrene Afrik du Sud, Kot Divwa, Burkina Fason, Katar ak klub franse Marseille. Troussier ranplase Badou Zaki ki demisyone 17 Oktòb pase a apre li pat rive ede seleksyon an kalifye pou koup du mond Almay 2006 la.

Sou kontinan Europeyen an chanpyona Itali a relanse gras ak viktwa 3 a 1 Milan A C ranpòte devan a domisil kont Juventus de Turen nan okazyon 10 zièm jounen chanpyona a. Malgre defèt la Juventus toujou rete nan tèt klasman jeneral la ak 27 pwen epi Milan A C klase 2 zièm ak 25 epi Fiorentina klase 4 trièm ak 22 pwen devan Inter de Milan ki gen 19 pwen. Javier Clemente non-men kòm nouvo antrenè Atletico Bilbao.

Demen Madi a nap konnen premye kalifye ak elimine Lig dè chanpyon Europeyen an nan okazyon 4 trièm jounen chanpyona a. An Espay Osasuna rete nan tèt klasman jeneral la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Espayòl de Barselòn. FC Barselòn klase 2 zièm avec 2 pwen apre swif yo pase Real Sociedad. Real Madrid klase 3 zièm apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Betis Seville.

An Angletè Chelsea pase Blackburn yon swif 4 a 2 pou l rete nan tèt chanpyona a ak 31 pwen devan Wigan ki gen 22 pwen--yon ekip ki monte an premyè divizyon

New York Giants pilon-nen Washington Redskins ak yon viktwa 36 a 0.Houston Teksan ranpòte premye viktwa l depi sezon an ak yon viktwa tou mens 19 a 16 devan Cleveland Browns. Minnessota Vikings kontinye ap penyen lage an deplasman--yè Dimanch la yo tonbe devan Carolina Phanters 38 a 13.

Atletisme

Kourè Meksiken Ruben Garcia ranpòte maraton Kò la marin ameriken an devan ameriken Carl Rundell ak ak Eric Post. Ameriken Susannah Kvasnicka ranpòte kategori feminen an devan konpatriòt li Liz Wilson ak Emily Brozozowski. Prèske 28 mil atlèt ki te soti nan 30 peyi te patisipe nan konpetisyon ki dewoule isit Washington.

Kourè Kenyan Wilfred Kigen ranpòte maraton ki sot dewoule nan vil Francfurt an Almay pandanke Rus Alevtina Biktimirova ranpòte kategori meda m yo.

Tennis

Bèlj Kim Clijsters kale Italyen Francesca Schiavone ak 2 kout rakèt 6-2, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis Gaz de Frans la. Chilyen Fernando Gonzalez kale Chipriyòt Marcos Baghdatis an 4 manch pou l ranpòte tounwa tenis an sal Swis la 6-7, 6-3, 7-5, 6-4.

Yon lòt kote bèlj Justin Henin-Hardenne pap patisipe nan dènye tounwa tenis pou ane kap dewoule nan Los Anjeles kaoz yon dechirur. Manmzèl ap repoze l avan debu sezon 2006 la. Rus Nadia Petrova ranpòte tonwa tenis ki tap dewoule an Otrich gras ak yon viktwa an 3 manch li ranpòte devan Swis Patty Schnyder 4-6, 6-3, 6-1.

Swedwa Thomas Johansson ranpòte premye tounwa tenis li pou ane a gras ak 2 kout rakèt li pase alman Nicolas Kiefer 6-4, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Saint Petersburg la. Swis Roger Federer kap soufri ak yon blesu eskprime espwa l lap kapab patisipe nan dènye tounwa tenis dè mèt kap dewoule nan Shangai. Rus Marat Safin kapab rate konpetisyon an akoz yon blesu nan jenou. Ameriken Andre Agassi pa jwe depi li te pèdu devan Roger Federer nan tounwa tenis US Open nan. Ostralyen Lleyton Hewitt kapab rate konpetisyon an akoz lap tann nesans premye pitit li.

Je Es Azi

Kore du Nò ranpòte premye meday dò l an 12 zan pandan ke la Chin kontinye ap ogmante kantite meday li deja ranpòte nan Je Es Azyatik yo. Kore du Sud ak Japon ranpòte premye meday dò yo jodi a nan konpetisyon an kap dewoule nan Macau. Nan tablo meday yo La Chin pran klasman meday yo ak 26 meday dò answit nou jwen òganizatè konpetisyon an Macau ak 6 meday dò devan Kore du Sud ki ranmase yon total 3 meday dò.

XS
SM
MD
LG