Accessibility links

Breaking News

Kwadrangulè Final Konkakaf la Modifye


Football

Responsab yo nan Konkakaf la konfime yon chanjman nan date kwadrangulè final eliminatwa koup du mond Juniò kategori feminen ap dewoule soti 13 pou rive 17 Novanm nan Trinidad and Tobago. Peyi ki konsène yo se òganizatè a Trinidad and Tobago, Surinam, Jamayik ak Haiti. 3 premye yo pral fòme yon lòt group ak 2 reprezantan Amerik Santral. Men kalandriye a Surinam ap rankontre ak Ayiti le 13 Novanm epi Trinidad and^Tobago kont Jamayik. 15 Novanm Jamayik kont Surinam epi Ayiti kont Trinidad and Tobago. 17 Novanm Jamayik kont Ayiti epi Trinidad and Tobago kont Surinam.

New York Jets tonbe 27 a 14 devan Atlanta Falcon apre Quaterback la te penyen lage pandan rankont la.

Adolesan ameriken dorijin Ganayen Freddy Adu reprann antrenman ak D-C United apre responsab yo te ba l yon bwa long kenbe pandan semi final ale D-C United kont Chikago Fire Vandredi. Adu pat mete dlo nan bouch li pou l kritike responsab yo ki fè l pase twòp tan kòm rezèvis pandan li pa ekate posibilite pou l al jwe nan yon lòt klub. Antrenè D-C United Peter Nowak di Adu pat gen oken rezon pou l tal plenyen nan medya yo.

Tennis

Asosyasyon Tenis Pwofesyonèl Ameriken pran tèt mouvman pou achte mwatye nan tounwa tenis Open Life Pasifik la nan Indian Wells nan Kalifòni pou anpeche tounwa a pa dewoule an Chin an lan 2007.Jwè tenis Arjanten Gaston Gaudio elimine franse Arnaud Clement 6-3, 4-6, 6-3 pou l ranpòte mactch douvètu tounwa tenis Open Lyon an. Ameriken James Blake tonbe an 2 manch devan Kwat Mario Ancic 6-2, 7-6.

Jwè tenis Rus Vera Dushevina suprann Sèb Jelena Jankovic ak 3 kout rakèt pou l pase nan pwochen tou tounwa tenis Generali Ladies kap dewoule an Otruch.

Cyclisme

La justis an Itali kondane 3 siklis Italyen pou 6 mwa prizon epi peye yon amand plis pase 14 mil dola pou tèt yo ta pran dròg pandan dewoulman kous bisiklèt Tour Itali a an lan 2001. Doktè siklis yo resevwa yon santans 8 mwa epi peye yon amand anviwon 7 mil 200 dola. Gen lòt siklis ki resevwa pèn mwen sevè nan operasyon la polis te men-nen nan otèl kote atlèt te ebèje.

Komite Olenpik Kore du Nò pwopoze pou l fè chita pale ak responsab Olenpik Kore du Sud yo pou wè si yo ta gen yon seleksyon tèt ansanm pou patisipe nan je Azi yo an lan 2006 ak Je Zolenpik dete yo nan vil Peken an Chin an lan 2008. Kore du Sud dakò pou l voye yon delegasyon 5 manch pou fè chita pale sou kesyon an yon rankont kap koenside ak ak je Es Azyatik yo soti 29 pou rive 6 Novanm nan Macau. Peyi patisipan yo se Kore du Nò ak Kore du Sud, la Chin, Hong Kong, Macau, Taiwan, Guam ak Japon.

XS
SM
MD
LG