Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Alpha Frape Ayiti ak Gwo Lapli


Tanpèt twopikal Alpha frape Dominikani jodi dimanch la apre li fin jete gwo lapli sou Ayiti, sa ki bay kè sote pou plis inondasyon pa koze plis dega toujou apre sa Wilma te fè semèn pase a.

Dapre ajans nouvèl Associated Press, responsab ayisyen yo te fèmen ayewopò kapital la akòz move tan an. Sèvis Defans Sivil la lanse yon apèl bay tout moun ki abite nan zòn riske yo, toupre larivyè pa egzanp, pou yo deplase tousuit.

Nouvèl yo di gen katye ki inonde nan vil Jakmèl, e otorite yo krenn pou dlo pa desann e fè dega tou nan Nòdwès la ak Vale Latibonit.

Korespondan nou Rotchild François, Jr. devlope nouvèl sa a pou nou e li pwofite reponn kesyon nou sou aktyalite politik la ak pwen ki ka domine gran tit yo nan laprès nan semèn ki tanmen jodi dimanch la.

Fè klik sou ralonj nan tèt paj la pou w ka tande repòtaj li a.

XS
SM
MD
LG