Accessibility links

Breaking News

Faz Final Chanpyona Football Ameriken an ap Demare Jodi a


Football

Jodi a D-C United ap fè yon kout pye lakay Chikago Fire nan kad seri semi final chanpyona football balonwon ameriken an.Demen Samdi konpetisyon an ap rapousib lè Metro Stars ap akeyi New England Revolution toujou nan Konferans de Lès la. Nan Konferans de Lwès la Kolorado Rapids ap akeyi F-C Dallas epi Dimanch San Jose Earthquake pral lakay Los Anjeles Galaksi.

Sou kontinan Europeyen--an Espay Real Madrid pral chache rapot̀e yon 5 kièm viktwa afile nan chanpyona premye divizyon Espayoll̀ la lè lap rankontre ak FC Valans demen Samdi a. Ronaldo ak Julio Baptista pap prezan pou ekip Madrilèn nan akoz yap soufri yon blesu. Angle David Beckham pa konnen ki sa li ta bay pou l pwolonje kontra l ak Real Madrid ke li mande yon ogmantasyon salè 25 pou 100.

An Frans Bordo pral lakay Socho ak objektif pou l chache yon pwen li te pèdu devan ekip la semen pase a. An Itali, otorite yo entèdi 14 fanatik Slovèn pou pa mete pwent pye yo nan yon stad Italyen pandan 3 zan akoz move konpòteman yo te genyen pandan match kalifikatif koup du mond ant Itali ak Sloveni. Fanatik yo anba akuzasyon yo te wouze fanatik Italyen yo ak kout po zoranj epi lage sou teren an vye mamit ak lòt objè.

Delege kap patisipe nan kongrè Sendika Football Bulgar,vote 194 vwa pour 133 kont pou mete deyò Ivan Slavkov kòm prezidan sendika a. Mwa Juyè pase a komite olenpik entènasyonal la te bay Slavkov yon bwa long kenbe epi mete msye a kote kòm responsab Komite Olenpik peyi a pou movez kondwit. Borislav Mihaylov, ki te ede Bulgari rive nan semi final koup du mond USA 94-la, nonmen kòm nouvo prezidan sendika Football Bulgari.

CSKA ki te ranpòte koup UEFA a, pèdu premye rankont li nan 11 match. Se Olenpik de Marseille ki suprann klub Moskou a ak yon viktwa 2 a 1 yè Jedi a. AS Ròm, Stuttgart ak Hertha de Berlen yo tout ranpòte la viktwa. Abit alman Robert Hoyzer , ki nan sant skandal pou fè koken pandan rankont football, fè depozisyon devan yon tribunal kote li di yon lòt abit te sugere lide pou l gè move kout siflèt kont klub Paderbon aloske yo tap bwè tafya nan yon kafe. Hoyzer di an echanj li te resevwa prèske 10 mil dola pou ti kout siflèt la. Akuze yo kapab pase 10 zan prizon si la justis jwen yo koupab.

Basketball

La justis isit Ozetazuni kondane yon fanatik basketball pou l pase 30 tan prizon. Akuze a mande otorite yo pou ajoute 3 zan pou fè-l rive a 33 zan menm numewo Larry Brown te pote pandan li tap jwe nan Boston Celtics.Basketball Responsab yo nan NBA a ap etudye lòt fason pou fè ekzamen fizik jwè yo apre Jason Collier mouri Samdi. Msye te konn jwen nan Atlanta Hawks. Chapyona a ap louvri 1 Novanm.

Tennis

Rus Anastasia Myskina te bezwen 3 manch pou l kale konpatriòt li Elena Dementieva 6-3, 6-7, 6-4 pou l kalifye pou semi final tounwa tenis Zurik la. Sèb Ana Ivanovic kalifye tou apre li kapote Slovèn Katarina Srebotnik an 2 manch 6-3, 6-1.

Ameriken Robby Ginepri elimine Rus Nikolay Davydenko 6-3, 7-6 nan tounwa tenis dè mèt yo kap dewoule nan vil Madrid. Espayòl David Ferrer te bezwen 3 manch 6-7, 6-1, 6-4 pou l elimine arjanten Mariano Puerta.

Atletisme

Atlèt Chinwa Sun Yingjie teste pozitif pou uzaj anabolizan apre li fini 2 zièm nan konpetisyon atletis nasyonal chinwa a kategori 10 mil mèt. Atlèt ameriken Michael Johnson trouve l an Chin kote lap chache jèn talan pou pwochen je zolenpik Peken 2008 yo. Johnson ki te ranpòte meday dò nan kous 200 ak 400 mèt, di li siyen yon kontra ak otorite chinwa a yo pou l antrene jè n atlèt chinwa ki kapab patisipe nan je zolenpi dete 2008 yo. Chanpyon Olenpik 400 mèt dominiken Felix Sanchez anonse lap rekòmanse antrene apre an Itali an Novanm pou l kapab pare pou sezon atletis la ane pwochè n.

Football Ameriken

Miami Dolphins ap rankontre ak Kansas City jodi a olye de Dimanch akoz siklòm Wilma ki kapab rive nan zòn nan kèk jou. Match Univèsitè yo swa ranvwaye ou byen ap jwe jodi a.

XS
SM
MD
LG