Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a (KEP) trennen devan Tribinal kandida Dumarsais Mécène Siméus pou koken li ta chache fè nan dokiman li te soumèt bay enstitisyon elektoral la nan kad tantativ lap fè pou li patisipe nan eleksyon prezidansyèl yo. Korespondan nou Rotchild Francois, Jr. di aksyon sa a fèt apre Kou Kasasyon peyi a te mande KEP a pou li pèmèt msye Siméus patisipe nan eleksyon yo.
Pandansetan, KEP a deklare ofisyèlman ke eleksyon yo pap fèt 20 novanm (yon bagay tout moun te deja konnen) e Premye-Minis Gérard Latortue di Nasyonzini eleksyon pou plas Prezidan an ak Palman an pral dewoule swa 11 swa 18 desanm.
Yon lòt kote, abitan nan Sen-Mak ap plenyen pou blackout. Depi 2 semèn, vil la nan fènwa.
Fè klik sou ralonj ki anlè paj la pou w'ka tande prensipal repòtaj nou pou jodi 19 oktòb 2005 la, avèk korespondan nou nan Pòtoprens, Okap, Okay, Gonayiv, ak Sen-Mak.