Football
Faz final Lig Football balonwon ameriken an ap demare week end sa a lè D-C United pral lakay Chikago Fire nan kad semi final la. Samdi Metro Stars ap akeyi New England Revolution. Toujou Samdi Colorado Rapids ap akeyi FC Dallas epi Dimanch Los Anjeles Galaksi San Jose Earthquake.
KLub football Angle Arsenal sou wout pou l kalifye nan 2 zièm tou Lig dè chanpyon an apre franse Thierry Henry make 2 gòl nan viktwa yo ranpòte devan Sparta de Prag. Nan lòt rankont Bayern de Munick kenbe an echèk klub Italyen Juventus de Turin ak yon viktwa 2 a 1. Manchester United fè match nul 0 a 0 ak klub franse Lille. Panathinaikos fè match nul 0 a 0 ak Barselon. FC Bruges kale Rapid de Vyèn 1 a 0. Ajax Amsterdam danse sou klub Swis Thun 2 a 0. Werder de Brem fè match nul 1 a 1 ak Udinese menm rezulta a ant Villarreal ak Benfika de Lisbon.
NBA
DIVAC Basketè Vlade Divac mete fen nan 16 kayè li pase ap mate balon nan NBA a apre li te fè yon operasyon nan do an Janvye pase. Divac se te youn pami premye Europeyen ki te make prezans yo nan Lig la. Nan match basketball chofe jarèt Washington Wizards tonbe devan Los Anjeles Lakers yè swa nan Los Anjeles nan kad match amikal chofe jarèt ki jwe avan debu sezon an.