Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Gérard Latortue Di yon Komisyon Pral Deside sou Nasyonalite Kandida yo o Lye de Kou Kasasyon an


Gouvènman ayisyen an deklare kounye a se Konsèy Elektoral Pwovizwa a ki pral trete yon seri kesyon konsènan eleksyon an o lye de Kou Kasasyon.

Otorite ayisyen yo anonse tou kreyasyon yon komisyon ki pral etidye dosye nasyonalite kandida yo. Komisyon sa a ap kapab elimine nenpòt kandida yo jwenn ki te pran sitwayènte yon peyi etranje.

Gouvènman premye minis Gérard Latortue a pran dispozisyon sa yo, aprè Kou Kasasyon an te pran yon desizyon ki remete kandida a la prezidans Dumarsais Siméus nan kous elektoral la, malgre Konsèy Elektoral Pwovizwa a te anpeche Msye Siméus poze kandidati li, poutèt li se sitwayen ameriken.

Korespondan nou Rotchild F. Junior ap eksplike.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay sou dosye Siméus la.

XS
SM
MD
LG