Accessibility links

Breaking News

Balon Pral Woule Aswè a nan Lig Football Ameriken an


Football

Balon pral woule aswè a nan okazyon avan dènye jounen chanpyona a--yon sware ki enpòte pou yon seri de klub nan konferans de Lès la. Kolonbus Crew pral lakay F C Dallas kote li bezwen yon viktwa pou -l rete an vi nan chanpyona a akondisyon Kansas City ak Metro Stars pèdu 2 dènye match yo gen pou jwe. D-C United ki deja kalifye pral lakay Real Salt Lake. Kolorado ap akeyi Chivas USA, Chikago ki poko kalifye bezwen yon viktwa lè lap rankontre ak Metro Stars. An palan de Metro Stars-responsab yo revoke antrenè a Bob Bradeley. Asistan antrenè a Mo Johnson ap kenbe djòb la pwovizwaman. La Frans ap pare pou l al rankontre ak la Swis Samdi kap vini la --yon rankont franse yo pa dwe pèdu si yo vle kalifye ppou faz final koup du mond Almay 2006 la.

Tiraj osò koup UEFA dewoule yè Madi 4 Oktòb la. Chanpyona ap kòmanse 20 Oktob pou fini 15 Desanm. Chak ekip ap jwe 4 rankont --2 a domisil 2 an deplasman- 3 premye nan chak group yo pral fè yon sèl ak 8 lòt klub ki tonbe nan Lig dè chanpyon an pou fòme group 16 zièm de final la kote faz la pral fèt a dechoukaj. Final la ap jwe nan Eindhoven le 10 Me 2006.

Tennis

Tounwa tenis Metz la ap rapousib jodi a apre Italyen Davide Sanguinetti fè malèt li nan konpetisyon an. Se Woumen Andrei Pavel ki wouze msye ak kout rakèt 6-7, 6-3, 6-3. Nan lòt rankont ki jwe yè Madi a Alman Florian Mayer te bezwen 3 manch pou l ekate Maroken Younes El Aynaoui 4-6, 7-5, 6-1 pandan ke Italyen Andreas Seppi pase sou woumen Razvan Sabau 7-5, 6-3. Franse Fabrice Santoro ak Michael Llodra kalifye tou.

Jwè tenis Arjanten Mariano Puerta ki te teste pozitif nan final tounwa tenis Roland Garos la kapab subi yon suspansyon avi dapre nouvèl ki publiye nan jounal spòtif franse l’Ekip.

Justine Henin-Hardenne anonse li pap reprezante la Bèljik nan premye tou koup Konfederasyon-an ane kapvini la-a kont La Rusi. Numewo 5 mondyal la deklare jodi a blesu ak maladi konpwomèt sezon 2005 la donk li vle evite plis pwoblèm pandan sezon 2006 la. Manmzèl presize , objektif li se pou l reprann numewo 1 tenis mondyal feminen an.

Yon lòt kote federasyon Tenis Entènasyonal la anonse a pati de Janvye pou rive juskan 2010 se li menm ki pral fè tès dròg sou jwè tenis maskulen yo e non Asosyasyon Tenis Pwofesyonèl la. Responsab yo nouvo kòd anti doping Federasyon Tennis Entènasyonal la ap danse kole ak mezu anti dopaj Ajans Anti Dopaj Mondyal la. Asosyasyon an di li vle reyalize 600 tès dròg pou pipiti chak ane. An plis responsab yo di yap reyalize yon lòt 500 tès sou jwè maskulen kap patisipe nan 4 tounwa Gran Shelem ak Koup Davis. Bò kote pa l pral responsab pou l eduke jwè yo sou kod anti dopaj la. Responsab la espere menm mezu a pral adopte nan kategori feminen an.

Softball

Prezidan Federasyon Entènasyonal Softball la Don Porter sot rankontre ak Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la, Jacques Rogge, pou diskute posibilite pou aksepte disiplin nan nan je zolempik dete 2012. Mwa Juyè pase a delege Komite Olenpik Entènasyonal la ki te reyuni nan Sengapour te vote pou retire Softball nan je yo ansanm ak baseball. Don Porter di toujou gen yon posibilite.

Komite Olenpik Angle a non-men Sebastian Coe kòm prezidan komite òganizatè Je zolenpik dete yo an lan 2012--3 mwa apre Komite Olenpik Entènasyonal la te seleksyone vil Lond pou òganize evenman an. Yon komite pwovizwa aprouve yon budjè 88 milyon dola kap kouvri yon periòd 3 zan pou prepare jeu-yo.

XS
SM
MD
LG