Accessibility links

Breaking News

Biwo Elektoral Depatmantal Lwès la Aksepte Kandidati Turneb Delpé


Apre kontestasyon Pati Demokrat Pwogresis Ayiti a, PNDPH, pote devan sèvis kontansye Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) finalman otorize msye Delpé antre nan konpetisyon an. Lidè PNDPH la ki te wè KEP la ekate'l nan kouss pou chèz boure palè nasyonal la, kounye a fè pati 36 kandida ki kalifye pou mennen kanpay pou eleksyon prezidansyèl ki fikse pou vè fen ane a. Jocelin Joseph Turneb Delpé, ki pat dijere ditou "move kanè" Konsèy la te ba li a, te deklare aksyon sa a se yon konplotay pou anpeche l' patisipe nan konpetisyon an. Msye Delpé se 2zyèm rekale yo repeche nan "ekzamen" KEP a apre Jean Marie Chérestal. Msye Chérestal te mande Tribinal Kasasyon-pi gwo tribinal peyi a-etidye depo kandidati li te fè anba banyè pati politik li a: Pou Nou Tout. Enstitisyon elektoral la te rejete Jean Marie Chérestal poutèt li te swadizan fè deklarasyon kandidati li twò ta. Msye Chérestal demanti pawòl sa a ak tout fòs.

Yon lòt kote, 2 jounalis ayisyen: Joseph Guyler C. Delva (sekretè-jeneral Asosyasyon jounalis Ayisyen yo e korespondan Ajans Nouvèl Reuters nan peyi dAyiti) ak Méroné Jean Wilkens--kap travay pou yon estasyon radio prive nan kapital ayisyen an, Radio Métropole, pase yon move kadè lendi anba men fòs sekirite prezidansyèl yo. Ajan kap asire pwoteksyon prezidan pwovizwa a, Boniface Alexandre, te sakaje, aparamman san rezon, 2 jounalis yo ki tap kouvri inogirasyon rantre jidisyè a ki fikse pou chak premye lendi mwa oktòb. Dapre yon estasyon radio prive nan Pòtoprens, 2 jounalis yo ta va'p anizaje pote plent, paske yo pat fè anyen ki te kapab jistifye reyaksyon brital fòs espesyal yo ki gen ajan ayisyen kou etranje nan mitan yo. Otorite gouvènmantal yo poko pibliye okenn reyaksyon vizavi endisan an.

Nan chapit sekirite a, kòmandan kontenjan brezilyen ki nan kapital la, Pòtoprens, mande "General Toutou" rann tèt li bay fòs Minustah yo oubyen pote tèt li ale nan Depatman lapolis rejyon metwopolitèn an, pou l' al reponn devan lajistis tout move zak ak tout move fòfè li komèt nan peyi a. Nan yon entèviou li bay korespondan nou, Rotchild François jr. kolonèl Novaes di "sa pap pran lontan pou yo poze men sou "jeneral Totou" ki se yon danje, selon militè a, pou sekirite piblik. Dapre kolonèl Novaes chèf bann malfra yo ta responsab ansanm ak kavalye polka li, "Dan Sere" anpil krim nan kapital la. "Dan Sere", pèdi lavi li nan fen semèn pase a nan yon boukantay kout zam ak sòlda brezilyen Fòs Misyon Estabilizasyon Nasyonzini Pou Ayiti a, dapre deklarasyon Minustah.

XS
SM
MD
LG