Accessibility links

Breaking News

Ayiti Di Li Gen Gwo Kè Sote Devan Vyolans Sitwayen li Ap Sibi Nan Repiblik Dominikèn


Gouvènman pwoviza a di li gen kè sote devan zak vyolans repete kap fèt kont ayisyen kap viv nan "Panyòl yo" (Repiblik Dominikèn). Gouvènman ayisyen an pibliye yon kominike nan Pòtoprens kote li di "sitiasyon sa a enkyete l' anpil", e l' rekòmande tout sitwayen ayisyen kap viv ou ki ta vle vwayaje nan Repiblik Dominikèn pou yo "veyatif, pran anpil prekosyon, evite tout tchòbòl epi aji selon lwa peyi ya'p vizite a".

Depi vag depòtasyon ayisyen ak zak vyolans kap fè depi kèk semèn kont imigran ayisyen kap viv sou tèritwa Repiblik ki pataje zile Ispnyola ak Repiblik dAyiti a, se premye fwa chansèlri Ayiti a pibliye yon nòt konsa. Vrèmanvre, nan mwa ki sòt pase yo, press nasyonal la rapòte plizyè ka vyolans tankou assassinay, vòl, move tretman, zak rayisab sèten dominiken komèt sout konpatriyòt ayisyen pòv k'al chèche yon ale mye nan peyi panyòl. Gwoup dwazimen yo te denonse ajisman otorite dominiken yo ak timidite gouvènman Pòtoprens lan pou l' defann dwa sitwayen l' yo.

Samdi premye oktòb la, gwoup Apui Refijye ak Rapatriye yo (GARR) anonse la Repiblik Dominikèn depòte nan zòn Beladè (yon vil Ayiti ki sou fwontyè ki separe 2 nasyon yo) yon santèn imigran ilegal ayisyen. Dapre kèk estimasyon, ta gen apeprè yon milyon ayisyen kap viv nan Panyòl. Dènyèman otorite dominiken yo menase pou yo mete deyò yon pè bèlj, Pierre Ruquoy, ki toujou ap leve kanpe pou defann imigran ayisyen yo.

XS
SM
MD
LG