Accessibility links

Breaking News

Brezil ak Meksik an Final Moup du Mond Kadè a


Football

Brezil ap rankontre ak Meksik nan final koup du mond kadè a kap dewoule O Perou. Brezilyen yo te monte yon maswife avan yo kale la Turki 4 a 3. Meksik kalifye apre li tronse la Oland 4 a 0. Turki ap rankontre ak la Oland pou 3 zièm plas la.

Klub Olandè Feyernoord elimine nan koup Unyon Football Europeyen an gras ak yon viktwa Rapids de Bucharest ranpöte. Klub alman Bayer Leverkussen fè malèt li nan konpetisyon an apre li tonbe devan CSKA de Sofia. Klub Turk Galatassaray tonbe devan klub Norvejyen Tomso. Sa se pi gwo sezisman ki genyen nan 40 rankont ki te jwe nan premye tou a. 4 klub fransè ki kalifye pou 2e tou an palan de Monaco ki elimine klub olandè Willlem 2 aprè yon viktwa 3 a 1, Strasbourg van-nen Graz 5 a 0 ; Lens an deplasman kale Groklin 4 a 2 , epi viktwa tou mens 1 a 0 Rennes sou Osasouna . Sepandan Osèr pèdu devan Levski Sofia 1 a 0.

Tennis

Tiraj -o-sò pou edisyon Koup Davis 2006-la dewoule yè nan vil Pari an frans. Tiraj-o-sò-a deziye Almay kòm advèsè la frans pou premye tou gwoup mondyal-la (10 au 12 Fevrier). Venkè kapab rankontre ak Larusi. Slovaki kap jwe final edisyon ane-a kont Kwasi ap an danje depi nan premye tou-a ak yon deplasman nan peyi Chili. Genyen yon duèl kap enteresan ant Lasuis kont Ostralie ..sa vle di yon rankont kap mete fas a fas Roger Federer numewo 1 mondyal ak numewo 1 ostralyen Leyton Hewitt . Selon anpil spesyalis , tiraj-o-sò-a te favorab pou favori-yo tankou La Rusi, Arjantinn, Etazuni, Espay. Donk an gwo nap genyen : Otrich-Kwasi ; Arjantin-Suèd ; Belarus Espay ; Oland-Rusi ; Etazuni -Woumani. Venkè-yo ap kalifye pou kar de final an Avril.

Espayòl Tommy Robredo elimine konpatriòt li Albert Montanes 6-2, 7-5 nan 2 zièm tou tounwa tenis Palerm nan. Robredo pral rankontre ak Italyen Filippo Volandri ki elimine Bèlj Christophe Rochus 6-0, 6-0. Italyen Davide Sanguinetti te fè tout sa li kapab pou l ranpòte la viktwa fas a Woumen Razvan Sabau 6-7, 6-3, 7-5.

Rus Nadia Petrova kalifye pou kar de final tounwa tenis Luksanbourg la apre li kale Tchèk Kveta Peschke 6-3, 6-1 pou l al rankontre ak alman Anna-Lena Groenefeld. Swis Patty Schnyder tonbe fas anba devan Italyen Roberta Vinci 7-6, 5-7,6-4. Bèlj Kim Clijsters rankontre ak Italyen Francesca Schiavone nan youn nan kar de final la.

XS
SM
MD
LG