Accessibility links

Breaking News

Yon Manm Konsèy Elektoral la Kritike Deklarasyon Premye-Minis Latortue sou Kandida ki Elimine yo


Men kèk pwen k'ap domine aktyalite a nan peyi d Ayiti jodi jedi 29 septanm 2005 la:

Responsab Kominikasyon nan Konsèy Elektoral pwovizwa a, Louis Gerson Richemé, kritike deklarasyon Premye-Minis Gérard Latortue fè avan-yè madi a nan Palè Nasyonal, kote li te bay rezon ki fè yon kandida elimine nan kous la. Anpil obsèvatè kwè kandida sa a se Dumarsais Mécène Siméus. Koute repòtaj Jn-Max Blanc an pou detay.

Lapolis nan Pòtoprens anonse arestasyon 29 moun nan kad yon operasyon ki te dire 6 jou e ki te batize "Operation Chacal 2". Pami prevni yo gen 2 polisye ki sanble ta mele nan zak kidnapping. Renan F. Toussaint sou dosye sa a.

Nan depatman Sidès ak Latibonit, se enskripsyon kandida pou eleksyon lokal yo ki nan nouvèl yo. Jou ap vanse, men anpil poko ka prezante dokiman KEP a reklame yo. Pou w ka konn' plis, koute korespondan nou Jean Martinez ak Duc Jonathan Joseph.

Sou vizit Sekretè-Deta Condoleezza Rice la nan Pòtoprens, nou gen yon repòtaj Rotchild François, Jr. kote Madam Rice ap ankouraje tout fanm ayisyèn pou yo patisipe nan "processus" la.

Isit Washington, Asistan-Sekretè deta a.i. pou Emisfè Oksidantal la, Charles Shapiro bay Ronald César yon interview kote li raple enpòtans eleksyon yo pou Ayiti, dapre deklarasyon Chèf diplomasi amerikèn nan fè nan Pòtoprens.

Tout nouvèl sa yo, ansanm, nou ka koute yo si nou klike sou ralonj ki anlè paj la.

XS
SM
MD
LG