Accessibility links

Breaking News

Los Anjeles Galaxis Ranpòte Koup US Open nan


Football

Los Anjeles Galaksi ranpòte koup US Open nan apre yo kale an final F C Dallas 1 a 0.

Real Madrid kap monte yon maswife nan chanpyona espayòl, ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan klub Grèk Olenpiakos nan kad 2 zièm tou lig dè chanpyon Europeyen an. Lyon ranpòte yon viktwa tou mens devan Rosenborg de la Norvèj 1 a 0. Chanpyon sòtan an Liverpool fè match nul 0 a 0 ak Chelsea epi Real Betis te bezwen yon bout gòl pou l kale Anderlecht 1 a 0. Milan AC toujou nan tèt group E a malgre match nul 2 a 2 li fè ak klub Alman Shalke 04 epi Fenerbahce woule PSV Eindoven 3 a 0. Nan group H la Inter de Milan ranpòte 2 zièm viktwa l gras ak yon gòl David Pizarro make nan 49 vièm minit rankont la. FC Porto tonbe devan Artmedia Bratislava 3 a 2.

Klub Al-Ittihad tronse klub Sud Koreyen Busan l’Park 5 a 0 pou l raproche l de yon 2 zièm tit afile.

Boxe

Boksè ameriken Lamon Brewster kale boksè pwa lou alman Luan Krasniqi pou l konsève tit Òganizasyon Mondyal Boks la. Ak viktwa a Brewster amelyore palmarès li ak 33 viktwa pami yo 29 KO teknik.

Tennis

Espayòl Juan Carlos Ferrero kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Palerme nan an Itali apre li kale konpatriòt li Oscar Hernandez 6-3, 6-4.

Brezilyen Robert Scheidt ranpòte 8 tièm konpetisyon a vwal entènasyonal. Lutè Turk Aydin Polatci ranpòte meday dò nan kategori 120 kilogran lut lib nan chanpyon du mond kap dewoule nan Budapest.

NBA

Asosyasyon Nasyonal Basketball Ameriken an fè konnen li pap òganize oken rankont basketball ant jwè lig la ak yon ekip franse ak arjanten pou ede ranmase lajan pou viktim Ouragan yo. kontrèman ak pawòl kap pale. Responsab yo di rankont la ap an konfli akoz lap jwe menm weekend ak rankont tout vedèt NBA a òganize nan mitan sezon an.. NBA a deja òganize yon rankont 11 Septanb pase a pou kolekte lajan pou viktim ouragan yo.

XS
SM
MD
LG