Football
FIFA mande federasyon Swis, Kwat ak Malt pou peye yon amand akoz move konpòtman publik ta genyen pandan yon seri de match kalifikatif koup du mond. Yè Lendi a FIFA mande federasyon Kwat la pou l peye 42 mil dola amand akoz deblozaj ki genyen pandan rankont ant Kwasi ak Malt 7 Septanb pase a. Malt bò kote pal ap peye yon amand 10 mil dola akoz yo pat pran mezu sekurite apropriye nan sikonstans la. Federasyon Swis la ap peye yon amand 38 mil 500 dola apre 4 fanatik te monte teren an pandan rankont kont Izrayèl 3 Septanb pase a. 3 federayon yo kapab ale an apèl ak desizyon an. FIFA avèti federasyon yo kapab tonbe anba plis sanksyon si publik la pa chanje konpòtmann.
Kou danvwa 2e jounen Lig chanpyon-an se pou jodi madi-a ak yon pakèt bèl afich par egzamp : Manchester United ap akeyi Benfika; Bayern de Munik kont FC Brug; Arsenal pral lakay Ajax; Jouventous de Turin ap resevwa Rapid de Vyèn, Oudinesse ap jwe an deplasman lakay Barselòn nan New Camp-la . Epi demen, Real Madrid san Zinedine Zidane , pral eseye rachte-l devan Olempyakos apre rakle 3 a 0 devan Lyon.
Nouvèl ki soti nan peyui Itali fè konnen ansyen antrenè Prme-nan Sivio Baldini, 47 tan se nouvo antrenè Lecche. Lap ranplase nan ps̀ sa-a Angelo Greccuci ki te jwen revokasyon-l yè swa akoz move rezulta klub-la nan Calcioa-n ( 4 defèt nan 5 rankont)
Denver Bronco danse sou Kansas City Chief 30 a 10 nan kad football zèpòl kare ki jwe chak Lendi swa.
Tennis
Yon kout je sou tenis : Dabò tiraj-o-sò pou edisyon 2006 Koup Davis-la pa dewoule nan vil Pari nan peyi La frans. Selon klasman mondyal, La Frans ap tèt de seri numewo 6 sa ki bal yon garanti ke li pap tonbe bonè sou gwo mòso-yo .
Woumen Radvan Sabau kale arjanten Mariano Zabaleta 6-3, 7-6 nan premye tou tounwa tenis Pwofesyonèl kap dewoule nan vil Palerme an Itali. Espayòl Oscar Hernandez te remonte yon defisi pou l kale Italyen Gianluca Naso 6-7, 6-0, 6-4.
Jwè tenis Italyen Francesca Schiavone kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Luksanbourg la apre li kale ameriken Lisa Raymond 6-4, 6-3. Rus Anna Chakvetadze te pase yon move kadè avan li elimine Bulgar Magdalena Maleeva 7-5, 2-6, 6-4.