Apre piblikasyon lis ofisyèl kandida-a-la-prezidans yo, Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an ap pare kounye a pou li analize kontestasyon li resevwa nan men yon ventèn kandida ki pran move kanè. Pami yo genyen milyonè Dumarsais Siméus ki kandida pati Tèt Ansanm.
Vèdik KEP a bay vandredi swa a, e ki soulve anpil kòmantè nan laprès e nan milye politik yo, pa yon sipriz vrèman pou majorite elektora ayisyen an.
Pou nou ka gen plis detay sou dosye eleksyon yo fè klik sou ralonj ki anlè paj la.