Accessibility links

Breaking News

Surinam fè yon pa an Avan nan Koup du Mond U-19 nan


Football

Surinam kalifye pou pwochen tou eliminatwa koup du mond feminen kategori Juniò apre rakle 6 a 0 yo pase Antiy Neerlandèz. Pwochen tou a ap dewoule nan Trinidad and Tobago soti 12 pou rive 16 Novanm. Republik Dominikèn antre nan liv rekò a apre li kale Il Vyèj Britanik yo 25 a 0 pi kantite gòl yon seleksyon football feminen janm ranpòte--dènye rekò se Japon ki te ranpòte l lè l te kale Malezi 24 a 0. Nan lòt rankont Ayiti bimen zil Vyèj Ameriken yo 14 a 0 toujou nan kad eliminatwa koup du mond football feminen Juniò a. Ayiti dwe rankontre ak Republik Dominikèn--venkè a ap kalifye pou patisipe nan kwadrangulè final la kap dewoule nan Trinidad and Tobago.

Nan koup du mond kadè a kap dewoule O Perou Turki wonfle la Chin 5 a 1 pou l rankontre ak venkè rankont ant Brezil ak Kore du Nò 29 Septanb la nan semi final la. Meksik te bezwen pwolongasyon pou l kale Kosta Rika 3 a 1 e pase nan semi final la pou l rankontre ak venkè rankont ant Etazuni ak la Oland Jedi.

Footbalè Brezilyen Adriano pwolonje kontra ak klub Italyen Inter de Milan juskan 2010. Kontra a te dwe fini an lan 2008. Real Madrid kale Alarves 3 a 0 pou l klase 3 zièm nan chanpyona Espayòl nan okazyon 5 kièm jounen an. Barselòn tonbe devan Villareal 2 a 1. An Frans F-C Nantes tonbe devan Olenpik Lyonè 1 a 0.

Aswè-a Denver Broncos ap akeyi Kansas City Chiefs. Yè swa New England Patriots ranpòte yon viktwa supriz devan Pittsburgh Steelers gras ak yon gòl kou fran Patriots yo make yon sekond avan fen rankont la e ranpòte la viktwa 23 a 20 nan kad 3 zièm jounen chanpyona football zèpòl kare ameriken an. Miami Dolphins ranpòte yon viktwa de justes tou devan Carolina Panthers 27 a 24. Cincinnati Bengals woule Chikago Bears 24 a 7. Indianapolis Colts ak Tampa Bay Buccaneers rapòte premye viktwa yo nan chanpyon a.

Basketball

La Grès ranpòte 2 zièm tit Europeyenn apre li woule almay 78 a 62. La Frans kale Espay 98 a 68 pou l konsole l ak 3 zièm plas la.

Tennis

Kwasi ak Slovaki ap rankontre nan final Koup DAvis la pandan ke Etazuni, Espay, Almay, Otruch kalifye pou group mondyal la. Rus Anastasia Myskina ranpòte tounwa tenis Open Sunfeast la ki tap dewoule nan Kalkouta India. Rus Maria Kirilenko ranpòte tounwa tenis Open Peken an. Ameriken Serena Williams pa figure nan lis 10 meyè jwè tenis mondyal feminen dapre klasman ki publiye jodi a. Rus Maria Sharapova klase premyè jwèz mondyal. Pa gen gwo chanjman nan kategori maskulen an.

Boxe

Boksè pwa lou Ukreyen Wladimir Klitschko kale Nijeryan Samuel Peter pou l al rankontre ak chanpyon Federasyon Bosk Entènasyonal la ameriken Chris Byrd.

Natation

Federasyon Natasyon Mondyal la anonse tout 437 tès anti dopaj ki te fèt pandan dewoulman chanpyona du mond natasyon an negativ dapre nouvèl ki publiye nan vil Lauzann jodi a. Federasyon an fè konnen ajans Anti Dopaj Mondyal la te reyalize yon total 63 tès an deyò konpetisyon an tout negativ.

Atletisme

Doub chanpyon Olenpik la Maroken Hicham El Gerrouj manifeste entansyonn pou l mete fen nan karyèl apre je zolenpik Peken 2008 yo. Gerrouj fè konnen li gen plan pou l patisipe nan chanpyon du mond Atletis ki gen pou dewoule nan vil Moskou an Mars 2006 malgre li pap patisipe nan konpetisyon an lan 2005

XS
SM
MD
LG