FIFA/ Football
FIFA publiye klasman mondyal pou footbal feminen kote nou jwen Almay nan tèt lis la. Etazuni, Norvèj, Brezil, la Frans, la Swèd, Kore du No,̀ Danmak la Chin ak Itali konplete lis 10 meyè seleksyon feminen mondyal sou yon total 124 peyi. Klasman an publiye chak 3 mwa.
Balon te woule sou kontinan Eropeyen an yè swa nan koup UEFA kote nu jwen klub CSKA de Moskou trouse klub danwa FC Midjilland 3 a 1 nan yon match ki te jwe ak tout pòt fèmen nan vil Moskou kòm punisyon movèz konpòtamn fanatik yo. Feyernoord de Rotterdam tonbe fè match nul 1 a 1 ak Rapid de Boukarès. La polis arete danwa arete yn santèn fanatik FC Zurik nan moman yo ta pral asiste rankont ak ant klub la ak Brondby ki ranpòte rankont la 2 a 0. Match retou a fikse nan 2 semen.
3 zièm jounen chanpyona espayòl la ap demanre week end sa a ak yon rankont ant Real Madrid ak Espayòl yon rankont Madrilèn yo pa ta dwe pèdu. Weekend pase a Real Madrid, ki klase an 8 tièm pozisyon nan chanpyona a, te tonbe 3 a 2 fas a Celta Vigo. Isit Ozetazuni chanpyona football balonwon an ap rapousib demen. Pami rankont yo kap jwe nan lig la, D. C. united ap akeyi Kolorado Rapids
CYCLISME
Yon polemik kòmanse nan mond siklis la menm jou siklis ameriken Lance Armstrong anonse ofisyèlman li kraze yon kite sa. Polemik la ki mete fas a fas Unyon Siklis entènasyonal la ak Ajans Mondyal Anti Dopaj la kote youn ap akuze lòt kòm responsab ki ta bay jounal franse Lekip enfòmasyon kòm kwa Armstrong ta konsome drog EPO an 1999.
Toujou nan siklis alman Heinrich Haussler ranpot̀e 19 vièm etap kous bisiklèt Tour d’Espay la men Espayol̀ Roberto Heras toujou nan tèt klasman jeneral la nan moman manke 2 etap pou konpetisyon an fini.
Tennis
La Frans ap rankontre ak la Rusi nan kad final koup konfederasyon an kap dewoule nan vil Pari. Elena Dementieva ak Anastia Myskina figure pami atlèt Rus yo aloke la Frans kapab konte sou prezans Mary Pierce ak Amelie Mauresmo.
Toujou nan tenis , espayol̀ Rafael Nadal ranpòte 2 rankont pou l kalifye pou semi final tounwa tenis Espayòl la. Nan semi final la kap kòmanse Samdi Nadal ap rankontre ak konpatriòt li Juan Carlos Ferrero ki elimine arjanten David Nalbadian. Nan lòt semi final la Guillermo Coria ap rankontre ak Swedwa Thomas Johansson.