Prezidan George W. Bush lanse jedi swa yon kokenn plan depans federal pou ede rebati kay ki kraze e ede viktim nan rejyon Katrina ravaje yo. Nan moman sondaj opinyon yo montre kantite ameriken ki apwouve fason lap dirije zafè peyi a rive nan nivo pi ba li janm rive depi l' monte sou pouvwa a, msye Bush deside pale ak nasyon. Li fè sa jisteman jedi 15 septanm nan depi vil Nouvelle-Orléans--Eta Louisiane--ki sibi plis konsekans ouragan-an.
Prezidan Bush deklare gouvènman federal la pral finanse pi fò travay rekonstruksyon apre pasaj Katrina a. Sòt nan konstruksyon wout ak pon, kay, swen sante, staj fòmasyon ouvriye ak kàd, edikasyon primè pou plizyi santèn milye kretyen-vivan Katrina fòse abandonen kay ak kanton yo. "Nou pa kapab imajine Etazini san Nouvelle-Orléans, e gran vil sa a pral leve ankò,” deklarasyon prezidan ameriken an, George W. Bush.
"Mwen prezante senpati nasyon an bay tout moun kap pote fado pèt yo sibi nan dezàs la. Pou tout moun ki ofri sèvis yo e kap sakrifye yo nan moman ijans sa-a, mwen di yo "nasyon an di yo mèsi...e l' pap janm bliye kontribisyon yo".
" Aswè a map pran angajman sa a devan pèp ameriken an: nan tout rejyon siklòn nan fè dega yo, nou pral fè tout sa'k merite fèt, nou pral travay osi lontan sa nesesè pou ede sitwayen yo rekonstwi kominote yo ak lavi-yo".
Prezidan Bush pa di konbyen gouvènman an estime sa pral koute kontribyab yo pou rebati zòn devaste yo, men kèk espesyalis maton nan chif kalkil aritmetik fè prediksyon pou di sa pral koute nasyon an plis pase 300 milya dola Washington deja depanse nan lagè Irak ak Afghanistan an. Jiskaprezan, Kongrè a vote senpleman 62 milya dola anfavè rejyon sinistre yo, men lajan sa a ap gen tan finn depanse ditan pou mwa oktòb la rive.
Sondaj opinyon yo montre anpil ameriken rann gouvènman federal la responsab dezàs la, paske li te pran twòp tan anvan l' voye sekou nan Eta Katrina fè dega yo--prensipalman nan vil Nouvelle-Orléans, Louisiane. Responsab yo konte jiskaprezan 700 kadàv. Sèten sondaj montre ameriken yo kwè otorite lokal ak responsab nan nivo gouvènman Eta yo genyen plis responsablite pase gouvènman federal la nan katastwòf la paske yo pat genyen bon jan plan sou pye pou "al mete lòt kote" abitan yo.
Sepandan, sitiasyon an afekte tou popilarite prezidan Bush ki wè plis ke mwatye sitwayen ameriken yo pa renmen pèfòmans li, an jeneral, nan tèt peyi a, dapre yon sondaj New York Time/ CBS reyalize. 6 ameriken sou 10 deklare yo pa renmen jan msye Bush defini <priyorite l' yo>. Prezidan an di li vle konnen ki sa ekateman gouvènman federal la te fè ki pat sa (ki pat mache byen) apre pasaj siklòn nan. "Nan yon epòk menas teworis se malè pandye sou tèt sitwayen yo, priyorite nasyonal Etazini se genyen yon bon jan plan ijans pare pou fè fas ak tout sitiasyon. Lè gouvènman federal la pa rive ranpli yon obligason tankou sa-a, mwen menm antanke prezidan peyi a (deklarasyon prezidan George W. Bush) dwe pran responsablite pou pwoblèm nan e pou solisyon an tou.
Msye Bush di gouvènman federal la pral aprann leson Katrina ba li yo:li pral revize chak zak ki te poze epi li pral fè chanjman ki nesesè, yon fason pou sitwayen ameriken yo ka pi byen prepare pou kèlkeswa defi ki prezante devan yo: kit se atak teworis kit se dezàs natirèl.