Accessibility links

Breaking News

Final Basketball Feminen Ameriken an Demare


Basketball

Sacramento Monarchs ranpòte premye viktwa nan seri 5 match final chanpyona basketball feminen an. Monarchs yo ranpòte rankont la ak yon viktwa tou mens 69 a 65 fas a Connecticut Sun. 2 ekip yo ap rankontre a swè a.

Football

Yon juj d’enstruction franse kap ankete sou yon dosye sou klub football franse Pari Sen Jermen mande pou etann ankèt la sou konpayi fabrikan spòtif ameriken Nike--menm konpayi ki founi Pari Sen Jermen unifòm sou mank e melanj ki ta genyen nan kontra ekip Parizyen an siyen ak konpayi ekipman spòtif la.

Klub football Italyen Juventus de Turen make 2 gòl pou l kale klub Belj FC Brugges nan kad 16 zièm de final ale chanpyona Lig dè Chanpyon Europeyen an. Bayern de Munich ranpòte yon viktwa tou mens devan Rapid de Bucharest 1 a 0 pandan ke Arsenal rache yon viktwa lakay klub Swis Thun 2 a 1. Sparta de Prag kontante l de yon match nul 1 a 1 fas a Ajax Amsterdam pandan ke Villareal fè match nul 0 a 0 ak Manchester United. Udinese van-nen Panathinaikos 3 a 0 pandan ke Werder de Brem tonbe devan Barselòn 2 a 0 san bliye Benfica de Lisbòn ki ranpòte yon viktwa tou mens devan Lille 1 a 0.

Los Anjeles Galaksi ap rankontre ak FC Dallas nan final koup US Open nan. Galaksi rive nan final la apre swif 5 a 2 li pase Minnesota Thunder pandan ke FC Dallas rache yon viktwa 1 a 0 devan Chikago Fire yè Mèkredi a. Final la ap jwe nan Los Anjeles 28 Septanb.

Footbalè Italyen Roberto Baggio fè konnen seleksyon Brezil la rete ekip tout peyi bezwen bat. Baggio kap fè yon virewon o Japon chante lwanj pou Etazuni kap fè 5 kièm vwayaj li nan faz final yon koup du mond apre viktwa 2 a 0 yo sot ranpòte devan Meksik.

Antrenè seleksyon Brezil la Carlos Alberto Parreira ekate posibilite pou l ta aliyen ansanm Ronaldinho, Ronaldo, Kaka, Adriana ak Robinho--

Tennis

Franse Mary Pierce ap prepare l pou l patisipe nan final koup konfederasyon an la la Frans ak la Rusi weekend sa a.

Atletisme

Gen 14 peyi kap patisipe nan chanpyona Atletis Arab kap dewoule nan Tunizi soti 15 pou rive 18 Septanb. Gen 180 atlèt maskulen ak 57 da m kap soti nan peyi Arab yo. Tunizi te aksepte akeyi konpetisyon an apre la Siri te deziste. Tunizi ki te akeyi konpetisyon an an 1981 ap gen 45 atlèt prezans ki divize an 23 fi ak 22 gason.

XS
SM
MD
LG