Football
Delege FIFA, kap patisipe nan 55 kièm asanble jeneral FIFA ap òganize nan Marakesh o Maròk, aprouve alunanimite kreyasyon yon komite daksyon pou fè fas ak pwoblèm ak gwo pwoblèm football ap fè fas. Delege yo aprouve plan an jodi a ak 198 vwa pour 1 kont. Group la ki rele pou " Bonè Jwèt la" pral fè fas ak difikilte tankou koken kap fèt nan rankont yo pou yon ekip ranpòte la viktwa sou yon lòt, dopaj ak rasis.
Prezidan FIFA a Sepp Blatter menas sa yo justifye rezon ki fè li mete sou pye komite a kap gen pou l konsantre l sou kantite jwè lokal yo kap diminye, enjerans politik, otonomi lig yo ak nèg ki posede plizyè klub. Msye Blatter mande pouvwa finansye klub rich yo genyen ogmante fose ki separe klub rich ak pòv yo.
Msye Blatter mande gouvènman yo pou mete presyon sou federasyon lokal yo pou ede devlope talan lokal pandan li fè konnen angajman FIFA pran pou l konbat dopaj nan spò. Ajans Anti dopaj Mondyal la mande FIFA pou l adopte kòd anti dopaj mondyal la ki prevwa yon entèdiksyon 2 zan pou premye enfraksyon men Blatter reziste e mande pou chak ka dopaj trete separeman
Ann fè yon kout je sou prensipal aktivite ki domine akyalite Spòtif la sou kontinan Eropeyen an ak Jacquelin Belizaire.
Premye peyi kap nap vizite apre midi a se Espay nan okazyon 2e jounenan. Ça commense trè mal pou Real Madrid nan stad Santiago Bernabeou kote li pèdu 3 a 2-la devan Celta Vigo ki pataje klasman jeneral la ak Deportivo Lakoy ki, li-menm kale Atletiko Madrid 1 a 0. Pandansetan , Barselon ranpote premye viktwa l nan konpetisyon an apre li kale Mayork 2 a 0.
Nap travèse ann Itali kote Calcio a, chanpyona premye divizyon-an , deja ap chofe . Juventus de Turin pati ak tout boulin . Avèk yon double de Trezeguet , li vannen Empoli 4 a 0 pou enstale l nan fotèy lidè a ak Livourne ki kale Trevis 1 a 0 san bliye Udinese ki kale As Wom 1 a 0.
An Almay kote Bundechliga a , chanpyona premyè divizyon almand an deja rive nan 4e jounenn. Bayern de Munik, apre viktwa l 2 a 1 sou Nuremberg, okupe pou kont li premyè plas la devan Werder de Brem ki van nen Kaiserslautern 5 a 1; Verder de Brem ki gen menm kantite pwen ak Hambourg kale Maintz 3 a 1.
An Angletè menm , Chelsea byen chita e kage sou fotèy lidè a nan okazyon 5e jounen-an. Chelsea kale Sunderland 2-0. An 2e pozisyon , nou jwenn Charlston kale Birmingham City 1 a 0 ; Manchester City ak Manchester United respektivman 3e e 4e.
Footbalè franse Thierry Henry ap pran yon kanpe lwen pandan yon mwa apre yon dechirur entè n e kapab rate dènye match kalifikatif koup du mond la Frans gen pou jwe kont la Swis ak Chipr 8 ak 12 Oktòb. Thierry Henry pran zòbòy la apre gòl li te make pou pèmèt la Frans kale Irland semen pase a.
Se demen Madi a edisyon Lig dè Chanpyon 2006 la ap louvri ak yon rankont ant klub espayòl Real Madrid fas ak klub franse Lyon. Nan rankont 32 zièm de final la kap jwe ak vizit resipwòk klub Olandè Fernerbach ap rankontre ak Milan A. C. PSV Eindoven fas ak klub Alman Shalke 04.
Minis Enteryè Alman an Otto Schily yon fon lajan leta finn peye moun ki te viktim dopaj sou ansyen rejim Almay de Lès la. Otorite yo te mete sou pye fon lajan an pou konpanse Atlè Almay de Lès ki soufri pwoblèm mantal ak fizik akoz pwogram dròg ansyen rejim nan te patwone. 193 ansyen atlèt ki te patisipe nan pwogram nan resevwa 13 mil dola.
Konfederasyon Football Azyatik la aksepte alunanimite pou Ostrali tounen 46 zièm manb konfederasyon-an. Desizyon an pèmèt Ostrali patisipe nan tounwa sou kontinan Azyatik la a pati de 2006. Ostrali te pase 39 van kòm manb Konfederasyon Footbal Oseyani an. Prezans Ostrali an Azi pral ogmante chans pou yo kalifye pou yon koup du mond akoz gen 4 peyi ki kalifye otomatikman ak yon match de baraj kont yon seleksyon nan Konkakaf la aloske chanpyon Oseyani an oblije jwe yon match de baraj kont yon seleksyon nan Amerik du Sud la. Ostrali ap figure nan group Azyatik la pou kalifikasyon koup du mond Afrik du Sud 2010.
Football Chanpyona footbal zèpòl kare ameriken an demare yè Dimanch la ak yon viktwa tou mens Washington Redskin ranpòte devan Chikago Bears 9 a 7. Nan kèk lòt rankont New Orleans Saints ranpòte yon viktwa de justès devan Carolina Panthers 23 a 20. Miami Dolphins tronse Denver Broncos 34 a 10. Baltimore Ravens tonbe devan Indianapolis Colts 24 a 7. Aswè a Philadelphia Eagles ap rankontre ak Atlanta Falcons.Tennis
Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer ranpòte tounwa tenis U S Open pou yon 2 zièm ane youn dèyè lòt gras ak 4 kout rakèt li pase ameriken Andre Agassi 6-3, 2-6, 7-6, 6-1. Federer tounen premye jwè tenis an 70 zan ki ranpòte 2 tounwa tenis Gran Shelem (Wimbledon ak US Open) an 2 okazyon afile. Bò kote meda m yo Bèlj Kim Clijsters kale Marie Pierce 6-3, 6-1 pou l ranpòte tounwa a Samdi.
Cyclisme
Siklis Espayòl Roberto Heras ranpòte 15 zièm etap kous bisiklèt Tour dEspay la an mè m tan pran tèt klasman jeneral la ak 4 minit 30 sekond devan Rus Denis Menchov.
Yon lòt kote 3 siklis rejte akuzasyon jounal du Dimanch franse publiye kote li akuze yo te pran dròg EPO pandan kous bisibklèt Tour de Frans la an 1999. Jounal la di yo jwen tras substans la nan urin siklis espayòl Manuel Beltran, Koloinbyen Jose Joachim Castelblanco ak Danwa Bo Hamburger. Menm tip dròg jounal spòtif franse Lekip te di yo te jwen nan echantiyon urin ameriken Lance Armstrong--akuzasyon Lance Armstrong rejte. Unyon Siklis Entènasyonal la di yo pa jwen oken prèv ki lye Armstrong ak akuzasyon an apre yo te reteste tout echantiyon urin te pran an 1999.