Accessibility links

Breaking News

André Agassi Ak Roger Federer Kalifye pou Final US Open 2005 lan


Malgre Chanpyon an tit Flushing Meadow a e nimewo 1 mondyal la rele Roger Federer, tout je brake sou ameriken André Agassi ki ranpòte samdi 10 septanm nan demi-final US Open nan.

Agassi tounen tounen jwè "pi gran moun" ki kalifye pou final tounwa sa a depi Ken Rosewall (39 van) te kwaze rakèt ak Jimmy Connors nan demi-final 1974 la. Agassi bat tokay ameriken li Robby Ginepri: 6-4, 5-7, 6-3, 4-6, 6-3 ki pa tèt de seri nan konpetisyon an.

Agassi, 35 kan, se yon veteran konpare ak 4 jwè ki jwe demi-final samdi apre midi yo; li genyen 13 zan anplis Robby Ginepri, 11 sou Australyen Lleyton Hewitt ak Suiss Roger Federer ki, nan yon "remake" final 2004 la, elimine Hewitt nan yon match 4 sèt: 6-3, 7-6, 4-6, 6-3. Se 9vyèm viktwa youn apre lòt Federer ranpòte sou Australyen an.

Agassi te pran koup US Open nan an 1994 ak an 1999; Hewitt an 2001 epi Fédérer te pran l' an 2004. André Agassi se tèt de seri nimewo 7 konpetisyon an; li genyen nan dyakout li 8 tit chanpyon gran chelèm e, gras ak Ginepri li elimine samdi a, li pral jwè 15zyèm final karyè-li. Robby Ginepri genyen 22 zan.

Final mesye US Open nan ap jwe Dimanch, e lap mete fas pou fas Ameriken André Agassi ak Suiss Roger Federer. Eske Agassi pral leve defi sa a kont aktyèl nimewo 1 mondyal la e youn nan pi gran jwè tennis kap evolye sou sèn nan depi 5 dènye ane yo ?

Final medam yo kap jwe samdi swa ap mete bab pou bab Fransèz Mary Pierce ak Bèlj Kim Clijsters ki elimine vandredi tèt de seri nimewo 1 an e prensipal favori a, Russ Maria Sharapova:6-2, 6-7 (4), 6-3. Pierce, li-menm, te elimine Russ Elena Dementieva:3-6, 6-2, 6-2.

XS
SM
MD
LG