Accessibility links

Breaking News

Rus Elena Dementieva nan Semi Final US Open nan


Olympics

Tribunal dabitraj la nan vil Lauza n an Swis rejte demand an apèl maraton Brezilyen Vanderlei de Lima te fè pou yo te jwen meday dò li te manke ranpòte nan Je zolenpik Atè n 2004 yo apre ansyen prèt defroke te lage l atè 2 pye long aloske li te prèske finn kouvri maraton an. Ensidan an te pèmèt Italyen Stefano Baldini ranpòte meday dò a epi Lima te konsose l ak meday de bronz la. De Lima te swete komite Olenpik la te bay 2 meday dò youn pou li e lòt la pou kourè Italyen an. Komite Olenpik entènasyonal la te bay de Lima yon meday Olenpik onorè nan nom fondatè je zolenpik modè nyo Pierre de Coubertin.

Tennis

Kar de final tounwa tenis US Open nan ap rapousib jodi a lè Swis Roger Federer ap rankontre ap rankontre ak Arjanten David Nalbadian epi Ostralyen Lleyton Hewitt pral mate balon fas a Findlandè Jarkko Nieminen. Venkè yo ap rankontre nan semi final la Samdi. Lòt semi final la ap mete bab pou bab ameriken Andre Agassi fas ak Robby Ginepri. Bò kote meda m yo Rus Elena Dementieva pral rankontre ak Marie Pierce nan semi final la.

Kliké sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou tande repòtaj espesyal la ak Jean Robert Philippe

XS
SM
MD
LG