Accessibility links

Breaking News

Finalman Konsèy Elektoral la Jwenn Yon Kalandriye Pou Eleksyon yo


Nouvèl ki soti nan peyi d Ayiti fè konnen finalman, apre yon bann pale anpil ak kritik tribò-babò, manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a tonbe dakò sou yon Kalandriye pou pwochen eleksyon yo. Eleksyon pou Prezidan an ap fèt anvan, le 20 novanm, ansanm ak eleksyon pou Palman an. Dezyèm tou a fikse pou 3 janvye, tandiske dènye faz la, eleksyon lokal yo, va dewoule nan dat 22 janvye. Prezidan an ap prete sèman 7 fevriye 2006. Renan Toussaint gen detay.

Nan Gonayiv, Duc Jonathan Joseph di nou KEP a enstale yon nouvi BED, Biwo Elektoral Depamantal.

Divizyon nan sen Pati Lavalas la ant sila yo ki anfavè eleksyon ak zòt ki di yo pa ladan n' toutotan Jn-Bertrand Aristide pa retounen nan peyi a. Yvan Martin Jasmin gen kòmantè Sen. Louis Gérald Gilles fè Okap kote li mande tout senpatizan Lafanmi an pou yo pote kole e patisipe nan eleksyon 2005 yo, sèl mwayen, dapre li, pou yo jwenn satisfaksyon pou revandikasyon yo.

Anfen, Jn-Max Blanc ap suiv grèv TELECO a pou nou nan kapital ayisyèn nan. Grevis yo ap reklame yon bonus 14èm mwa men Direktè-Jeneral la, Guy Bauduy, deklare nan pwen mwayen pou yo ba yo satisfaksyon jan y'ap mande l' la.

Fè klik sou ralonj (lyen) ki anwo paj la pou w ka tande repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG