Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon ap Kontinye sou Divizyon nan KEP a


Gen yon van divizyon k'ap soufle sou enstitisyon ki responsab preparasyon eleksyon yo nan peyi d Ayiti depi Sekretè-Jeneral la, Rosemond Pradel, te anonse dat eleksyon yo, san lòt manm yo pat bay dizon yo.

Jodi a, korespondan nou Renan Toussaint gen nouvo reyaksyon ki soti nan klas politik la. Menm bagay pou Duc Jonathan Joseph k'ap suiv aktyalite sa a depi vil Gonayiv, ak Galilée Périlus ki nan Sen-Mak.

Pandansetan, Prezidan KEP a, Max Mathurin, deklare nan vil Okap gouvènman pwovizwa a ta dwe bay plis sekirite pou abitan nan pwovens yo ka enskri e pran Kat Idantifikasyon Nasyonal yo. Anfen nan Orlando, Florid, Yves Mompremier rankontre Sen. Paul Denis, kandida pati OPL pou pòs Prezidan an.

XS
SM
MD
LG