Accessibility links

Breaking News

Relasyon Ayiti ak Dominikani Vin Pi Difisil Apre Asasina 3 Ayisyen Nan Sendomeng


Relasyon 2 peyi ki pataje Lil Dayiti a, kidonk Repiblik Ayiti ak Repiblik Dominikèn, ap kontinye vin pi mal, apre asasina makab 3 Ayisyen nan peyi Panyòl. Kadav Ayisyen sa yo retounen nan vilaj La Chapelle apre antèman yo te fin chante palòtbò fwontyè, dapre korespondan nou Jn-Pierre Leroy, ki di nou tou gouvènman pwovivwa Gérard Latortue a rele tounen Chajedafè ki reprezante li nan kapital dominikèn nan.

Yon lòt kote, dosye eleksyon an te domine aktyalite semèn pase a nan peyi d Ayiti. Tout je brake sou KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) ki sanble pa ka deside l' sou yon kalandriye definitif ak yon lis kandida ofisyèl pou pòs Prezidan Repiblik la. Sekretè-Jeneral Rosemond Pradel deklare gen yon kalandriye tandiske Prezidan Max Mathurin di laprès gen revizyon k'ap fèt toujou. Pandansetan, patizan Fanmi Lavalas yo te pran beton an vandredi pou yo te reklame liberasyon kanmarad yo ki nan prizon, pa egzanp Pè Gérard Jn-Juste.

Jn-Pierre Leroy kouvri tout pwen sa yo pou nou depi Pòtoprens. Nèk fè klik sou ralonj ki anlè paj la pou w ka tande repòtaj li a.

XS
SM
MD
LG