Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lapolis Mande Piblik la Ede l' Jwenn Responsab Yon Seri Zak Nan Pòtoprens


Apre yon seri zak nan katye Martissant, nan antre Sid Pòtoprens, kote kèk eleman yo akize kòm kriminèl jwenn lanmò, e devan akizasyon ki fè kwè manm fòs Polis la ta patisipe nan operasyon sa a, responsab PNH yo lanse yon apèl bay piblik la pou l'ede yo mete men sou responsab yo. Korespondan nou Jn-Max Blanc gen detay nouvèl sa a.

Lòt pwen nan aktyalite a: Otorite nan Sendonmeng poze arestasyon 2 nèg yo kwè ki ta enplike, ki ta mele, nan yon afè zam ki t'ap soti nan panyòl pou travèse an Ayiti. Yves Mompremier, depi Orlando, Florid, gen detay.

Yon lòt kote, reprezantan plizyè pati politik nan vil Jakmèl mande responsab eleksyon yo fè yon sèl vòt pou ni prezidan, ni palmantè, ni gouvènman lokal yo. Yo fè konnen yo pa gen ase lajan pou fè 2 mobilizasyon, youn pou eli lokal, youn pou palmantè ak prezidan. Se Jean Martinez ki ban nou repòtaj sila a.

Anfen, nan vil Sen-Mak, yon gwoup nèg ame jouk nan dan debake nan yon lokalite, yo chase responsab KASEK yo, e yo pran kontwòl tout bagay. Abitan yo mande sekou paske, dapre sa yo di korespondan nou Galilée Périlus, pap ka gen eleksyon ak prezans bandi sa yo.

Koute tout dosye Ayiti a. Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a.

XS
SM
MD
LG