Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/24/05


Football

Newcastle United dakò pou-l peye Real Madrid yon frè transfè pou -l kapab gen sèvis Michael Owen. United pa revele konbyen lajan yap bay Real Madrid pou transfè a. Owen dwe li menm deside si wi ou non lap kite klub la. Gen lòt klub football Angle ki enterese pou ta jwen sèvis Michael Owen ki te dwe kite Real Madrid apre klub Madrilèn nan te finn achete sèvis brezilyen Robinho ak Julio Baptista.

Klub Football Real Madrid, kap prepare pou debu sezon espayòl la, pilon-nen yon seleksyon jwè lig football balonwon ameriken an ak yon swif 5 a 0 pou l ranpòte 27 tièm edisyon koup Santiago Bernabeu a. Ronaldo make 2 gòl nan piyay la. David Beckham, Jose Maria Gutierrez ak Raul Gonzalez make yon gòl yo chak. Real Madrid ap louvri sezon an Dimanch pwochen fas ak Cadiz ki fèk monte an premyè divizyon.

Finalman ansyen footballè Arjanten Diego Maradona rekonèt se ak menn li te make gòl kont seleksyon angle a nan okazyon match kar de final ant Arjantin ak Angletè an Meksiko 1986--gòl ki te pèmèt Arjantin ranpòte rankont la 2 a 1. Maradona di rezon li te frape balon an ak menn se lè li te reyalize li pa tap kapab antre balon an nan kan angle yo ak yon kout tèt.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer ak numewo 1 tenis mondyal feminen an Rus Maria Sharapova deziye kòm tèt de seri numewo 1 tounwa tenis U S Open nan kap kòmanse Lendi nan New York. Franse Sebastien Grosjean ki klase numewo 35 mondyal pap tèt de seri tounwa a. Tiraj osò a ap dewoule jodi a.

Toujou nan tenis Anabel Medina Garrigues tounen premye jwè ki kalifye pou kar de final tounwa tenis Pilot Pen nan kap dewoule nan New Haven Connecticut gras ak 3 kout rakèt li pase arjanten Gisela Dulko 6-0, 6-7, 6-4. Bò kote mesye yo danwa Kenneth Carlsen tonbe devan franse Fabrice Santoro 6-3, 6-0 pandan ke Arjanten Juan Ignacio Chela pat gen pwoblèm pou l kale Chipriyòt Marcos Baghdatis 6-2, 6-4.

Cyclisme / Dopage

Direktè kous bisiklèt Tour de Frans la Jean Marie Leblanc chante lwanj pou jounal spòtif franse L’Equipe ki founi prèv syatifik ke siklis ameriken Lance Armstrong te konsome yon dròg ki te bal l fòs pou l ranpòte premye viktwa l nan konpetisyon an an 1999. Msye Leblanc akuze Armstrong li di ki avili mond spòtif la. Minis spò franse a Jean Francois Lamour di li pa kapab konfimen nouvèl ki publiye nan jounal la akoz li pa wè dokuman orijinal yo. Armstrong rejte akuzasyon yo pandan li kalifye atik la kòm yon atik ki publiye pou fè sansasyon. Armstrong pran retrèt li an Juyè ane sa a apre li ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la pou yon 7 tièm fwa afile.

Olympics 2012

Detantè rekò du mond so longè Britanik Jonathan Edwards nonmen kòm manb komite òganizatè je zolenpik dété yo kap òganize nan vil Lond an lan 2012. Edwards, ki pran retrèt li, ap reprezante atlèt yo nan komite a.

XS
SM
MD
LG