Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/19/05


Football

D-C United ki gen pou resevwa Los Anjeles Galaksi demen Samdi isit Washington siyen yon kontra ak yon defansè arjanten Facundo Erpen ki gen 22 zan. Yon prezans ki pral ranfòse defans klub la nan moman nou antre nan 2 zièm faz chanpyona nasyonal la.

Tennis

Chanpyon sòtan tounwa tenis Toronto a franse Amelie Mauresmo kalifye pou kar de final tounwa gras ak 2 kout rakèt li pase espayòl Conchita Martinez 6-0, 6-2. Rus Nadia Petrova fè yon sèl bouche ak chinwa Li Na ki abandone nan 2 zièm manch la 6-2, 3-0. Rus Svetlana Kuznetsova tonbe devan arjantin Gisela Dulko 7-6, 7-6.

Box

Boksè Ukrenyen Vitali Klitschko ak Ameriken Hasim Rhaman ap pare pou boukante kout pwen 12 Novanm nan Las Vegas Nevada kote yo pral dèyè Tit Konsèy Mondyal Boks la. Klitschko gen yon palmarès 35 viktwa 2 defèt ak 34 viktwa pa KO. Rahman gen yon rekò 40 viktwa pami 33 pa KO ak 5 defèt.

Konsèy Mondyal Boks la pran pozisyon an favè boksè Bernard Hopking ki te ale an apèl apre desizyon ki te pran pou l te pèdu yon mach. Konsèy Mondyal Boks la revize videyo match la e deklare santans la soulve kontwovès e iregulye.

XS
SM
MD
LG