Jeux Universitaires
Seleksyon nasyonal basketball ayisyen an danse sou Emirat Arab Uni yo ak yon swif 115 a 52. Ayiti ap rankontre aswè a ak Brezil.
Seleksyon feminen la Frans la ranpòte 10 zièm viktwa nan kad preparatif yap fè pou Euro 2005 yo gras ak yon viktwa de justès yo ranpòte devan la Rusi 75 a 72. Bò kote mesye yo seleksyon maskulen franse a tronse Beljik 74 a 56.
Football
Match kalifikatif koup du mond. ekip nan zòn KONKAKAF la ap monte teren jodi Mèkredi a nan okazyon 6 zièm jounen ekzagonal final la. Gwatemala ap akeyi Panama. Meksik ap resevwa Kosta Rika pandan ke Trinidad ap vin rankontre ak Etazuni. Nan klasman Jeneral la Meksik nan tèt group la ak 13 pwen pandan ke Etazuni klase an 2 zièm pozisyon ak 12 pwen. Kosta Rika gen 7 pwen. Gwatemala ak Trinidad gen 4 pwen yo chak epi Panama nan ke kamyonèt la ak 2 pwen. 3 premye yo ap kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 pandan ke 4 trièm nan pral jwe yon match de baraj ale/retou ak yon peyi Azyatik.
Nan lòt match amikal entènasyonal la Frans ap akeyi Kot Divwar a Monpellier, Almay ap rankontre ak la Oland nan Rotterdam. Itali pral nan Dublen kote li pral rankontre ak Irland. Gen 5 match kalifikatif koup du mond kap jwe sou kontinan Europeyen an-Lettonie fas a la Rusi--Slovaki kont Liechtenstein. Norvèj kont la Swis. Ongri kont Arjantin nan match amikal. Estoni kont Bosni, Bulgari kont Turki. Nan Copenhag Danmak ap pare yon po kann ak tout foumi kont Angletè. Espay kont Urugwe.
Seleksyon nasyonal Japon an kale Iran 2 a 1 nan kad dènye match kalifikatif koup du mond pou zòn Azyatik la ki tap jwe nan Yokohama. 2 peyi yo deja gen tikè pou faz final koup du mond kap dewoule an Almay an lan 2006. Arabi Sawoudit kale Kore du Sud 1 a 0. 2 ekip yo kalifye tou. Batay la rete pou 3 zièm plas la nan chak group yo ki pral jwe yon match de baraj. Baren ak Koweit gen 4 pweb ti chak. Koweit ap rankontre ak Uzbekistan pandan ke Baren ap rankontre ak Kore du Nò. Koweit bezwen yon nul pou l fini an 3 zièm pozisyon pandan ke Uzbekistan bezwen yon viktwa pou l rete nan chanpyona a. Venkè seri ale/ retou ant peyi ki klase 3 zièm nan chak group zòn Azyatik la pral rankontre ak peyi klase 4 trièm nan KONKAKAF la nan yon match ale / retou. Venkè a ap jwen tikè l pou l patisipe nan faz final la.
Nan klasman FIFA publiye chak mwa Brezil klase numewo 1 answit nou jwen Arjantin ki klase 2 zièm. La Oland, Republik Tchèk, Meksik ak Etazuni, Angletè, Espay, Frans, Portugal ak Almay konplete lis 10 premye ekip mondyal la. La Frans ki te ranpòte du mond la an 1998 ak koup dEuròp dè nasyon 2000 la klase 9 vièm pi ba nivo yo janm klase depi yo te ranpòte 2 konpetisyon yo.
Tennis
Nan tenis Rafael Nadal tonbe nan tounwa tenis dè mèt yo kap dewoule nan Cincinnati Ohio. Se Tchèk Tomas Berdych ki ranpòte la viktwa 7-6, 2-6, 6-7. Defèt ki mete fen nan 16 viktwa afile adolesan espayòl la sot ranpòte. Franse Sebastien Grosjean elimine nan tounwa a tou. Arjanten Gaston Gaudio tonbe devan espayòl Tommy Robredo 2-6, 6-3, 6-3.
Franse Amelie Mauresmo ranpòte la viktwa nan tounwa tenis Toronto a gras ak 2 kout rakèt li pase Malgash Dally Randriantefy 6-2, 6-3. Ameriken Serena Williams kalifye pou 3 zièm tou a gras ak 3 kout rakèt li pase franse Stephanie Cohen-Aloro 3-6, 6-4, 6-2