Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/16/05


Jeux Universitaires

Ekip tenis doub ayisyen Allen / Gaetjens elimine nan je Univèsitè yo kap dewoule nan Izmir an Turki. 2 frè Rus Artem ak Dymitry Sytak te bezwen 3 manch pou bay ayisyen yo yon move kanè 3-6, 6-2, 6-3 dapre yon korespondans Erby Beralte ki akonpaye delegasyon ayisyen an.

Tennis

Swis Roger Federer ak ameriken Andy Roddick kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis dè mèt Cincinnati a kap dewoule nan Ohio. Federer ki se aktyèl numewo 1 tenis mondyal maskulen te bezwen 2 manch pou l debarase l de ameriken James Blake 7-6, 7-5. Roddick ki se tèt de seri numewo 5 elimine Otrichyen Jurgen Melzer 6-3, 6-4. Lòt jwè ki kalifye se arjanten David Nabaldian ak Guillermo Coria, Britanik Tim Henman ak franse Richard Gasquet. Jodi a Ostralyen Lleyton Hewitt, adolesan espayòl Rafael Nadal, Rus Marat Safin ap jwe premye rankont yo jodi a.

Ameriken Laura Granville ki kalifye pa repechaj, ranpòte yon viktwa supriz fas a Italyen Roberta Vinci 6-2, 6-1 nan tounwa tenis Koup Roger feminen an kap dewoule nan Toronto o Kanada. Vedèt tenis Japonè Ai Sugiyama ranpòte la viktwa tou devan Kwat Jelena Kostanic 6-2, 3-6, 6-2. Malgash Dally Randrianterfy te bezwen 2 manch pou kale Endyen Shikha Uberoi 6-3, 6-2.

Football

La Frans ap prepare pou l akeyi Kot Divwar demen Mèkredi a nan okazyon yon match amikal chofe jarèt. Diego Maradona chanje metye. Ansyen vedèt football arjanten an resevwa footbalè lejandè Brezilyen Pele nan premyè emisyon televize. Plizyè medya etranje te releye emisyon an. Responsab komite Òganizatè koup du mond Almay 2006 la Beckenbauer reprochen antrenè seleksyon Alman an Jurgen Klisman le fè li pa seleksyone meyè footbalè alman ki pral afwonte la Oland nan Rotterdam

Seleksyon Football nan zòn KONKAKAF la ap monte teren demen Mèkredi a nan okazyon 6 zièm jounen ekzagonal final la. Gwatemala ap akeyi Panama. Meksik ap resevwa Kosta Rika pandan ke Trinidad ap vin rankontre ak Etazuni. Nan klasman Jeneral la Meksik nan tèt group la ak 13 pwen pandan ke Etazuni klase an 2 zièm pozisyon ak 12 pwen. Kosta Rika gen 7 pwen. Gwatemala ak Trinidad gen 4 pwen yo chak epi Panama nan ke kamyonèt la ak 2 pwen. 3 premye yo ap kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 pandan ke 4 trièm nan pral jwe yon match de baraj ale/retou ak yon peyi Azyatik.

XS
SM
MD
LG