Accessibility links

Breaking News

Katolik Ayisyen Pral Rasanble Nan New York


Fidèl ayisyen nan legliz Katolik ak lòt konfesyon pral reyini samdi 20 out la nan Brooklyn, New York, pou sa responsab Sant Nasyonal Apostola Ayisyen an rele yon mini-konvansyon.

Monsenyè Guy Sansaricq, ki se envite Paj Relijyon an pou edisyon 11 out la, deklare se pral yon suit pou konvansyon ki te dewoule nan Vijini, toupre Washington, DC nan mwa jen pase a.

Aprann plis sou konvokasyon 20 out la. Fè klik sou ralonj anlè paj la.

XS
SM
MD
LG