Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/11/05


Atletisme

Ayiti ap patisipe nan semi final 110 mèt Hè chanpyona du mond Atletik la kap dewoule nan Helsinki Findland. Allain Jean Pierre responsab federasyon atletis ayisyen an te pale ak nou depi Helsinki. Yè Mèkredi a Nadine Faustin te elimine nan kous 100 mèt Hè a. Delegasyon ayisyen an ap kite Helsinki Lundi pèt ou gany.

Adolesan ameriken Tianna Madison ak Bryan Clay ranpote meday pou ameriken yo nan so an longè ak dekatlon. Estonyen Andrus Varnik ranpòte meday dò nan lans javelo. Baren Rashid Ramzi dorijin Maroken ranpòte kous mil 500 mèt maskulen an. Bahameyen Tonique Williams-Darling konsole l ak meday darjan apre li pat rive pase devan ameriken Sanya Richards nan kous 400 mèt feminen an. Nan tablo meday yo Etazuni nan tèt klasman an ak 9 meday pami yo 6 an ò. Etyopi gen 5 meday pami 2 an ò. La Swèd klase 3 zièm ak 2 meday an ò ak youn an bronz.

Football

UEFA RACISM Unyon Football Europeyen an di li pral ankete sou pawòl rasist ki te lanse kont sitwayen franse Djibril Cisse kap jwe nan Liverpool nan okazyon viktwa 3 a 1 Liverpool ranpòte devan C-S-K-A Sofia de Bulgari.

D-C United wonfle Metro Stars 3 a 0 yè swa nan stad Robert F Kennedy a isit Washington. Antrenè seleksyon franse a Raymond Domenech publiye lis 21 jwè ki pral fè pati seleksyon nasyonal kap pare pou rankontre ak Kot Divwa nan yon match chofe jarèt 17 Out kap vini la la. Pami lòt jwè ki fugure nan lis la nou jwen Lilian Thuram, Zinedine Zidane ak Claude Makele. Otorite franse yo anonse posibilite pou la Frans rankontre ak Alman nan stad Sen Dennis si seleksyon pa gen pou l jwe yon match de baraj kalifikatif koup du mond Almay 2006. Franse yo klase 4 trièm dèyè Irland, la Swis ak Izrayel. Franse yo dwe rankontre ak Iles Feroe, la Swis ak Chipr.

Sezon football Italyen ap demare 28 Out kap vini la a malgre kriz klub Genoa ki anpeche federasyon an pulbiye kalandriye sezon 2005-2006 la. Genoa te monte an premyè divizyon men federasyon an te desann li nan 3 zièm divizyon akoz mank-e-melanj ki te genyen nan rankont la.

Tennis

Ameriken Andre Agassi te bezwen 3 manch pou l bat Swedwa Jonas Bjorkman nan tounwa tenis Montreal la 6-1, 3-6, 6-2. Agassi pral rankontre ak alman Nicolas Kiefer ki elimine ameriken Taylor Dent 6-4, 6-4. Arjanten Gaston Gaudio te monte yon maswife avan li elimine Danwa Kenneth Carlsen 3-6, 6-2, 7-5.

XS
SM
MD
LG