Accessibility links

Breaking News

Chèf Militè MINUSTAH a Bay Opinyon n' sou Sitiyasyon Ayiti a


Kòmandan fòs lapè L'ONU an nan peyi d Ayiti, jeneral brezilyen Augusto heleno Ribeiro Pereira, deklare gen anpil travay ki rete pou fèt nan domèn sekirite malgre pwogrè MINUSTAH anrejistre nan semèn ki sot' pase yo.

Jeneral Heleno ki gen pou li kite pòs li anvan lontan fè kèk remak pozitif sou Polis Nasyonal la, ki trèzaktif tou nan operasyon kont bandi k'ap simen latèrè nan kapital ayisyèn nan depi 30 septanm 2004 la. Nan dat sa a, moun ki di yo se patizan ansyen prezidan Aristide te lanse sa yo rele Operasyon Baghdad, yon kanpay vyolans ki deja fè omwen 800 mò.

Fè klik sou lyen ki anlè paj la pou w ka tande repòtaj Rotchild François, Jr. a

XS
SM
MD
LG