Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 5/10/05


Atletisme

Ayiti kalifye pou semi final 3 konpetisyon lap patisipe. Allain Jean Pierre se responsab Federasyon Atletis ayisyen. Klike sou ralonj ki an lè atik sa a pou tande, depi Helsinki, Findland, Allain Jean Pierre prezidan Federasyon Atletis ayisyen an.

La pli kap tonbe nan Helsinki retade konpetisyon chanpyona du mond atletis la. Bershawn Jackson ranpòte kous 400 mèt Hè a devan James Carter ak Japonè Dai Tamesue. Meday dò Olenpik dominiken Felix Sanchez abandone kous la akoz yon blesu. Nan kous 3 milmèt seeplechase la Katar Saif Saaeed Shaheen ki te rele Stephen Cherono lè li te konn kouri anba drapo Kenya ranpòte meday dò nan konpetisyon an. Nan kous 800 mèt feminen al jwen al jwen kuben Zulia Calatayud devan Maroken Hasna Benhassi ak Rus Tatyana Andrinova.

Football

Klub espayòl Villareal ranpòte yonviktwa 2 a 1 devan klub angle Everton 2 a 1. Manchester United ranpòte la viktwa. Real Betis kale Monako 1 a 0. Glasgow Rangers te monte yon maswife avan li kale klub chipriyòt Anorthosis Famagusta 2 a 1. F C Brugge tonbe devan Valerenga 1 a 0.

Responsab Real Madrid yo espere Michael Owen ap rete nan klub la malgre gen 3 lòt klub ki tap enterese nan sèvis. Portugè Luis Figo ki te konn jwe nan Real Madrid siyen yon kontra 2 zanak Inter de Milan. Klub Brezilyen Santos ap chache jwen yon kontra ak arjanten Javier Saviola kap jwe nan F C Barselòn pou ranplase Robinho ki transfere nan Real Madrid.

Isit Ozetazuni aswè a D-C United ap akeyi New York Metro Stars. Real Salt Lake ap fè deplasman lakay New England Revolution. Chikago Fire ap akeyi Kansas City Wizards. Chivas USA ap akeyi Galaksi.

Freddy Adu, Jèn ti foutbolè “prodij” kap jwe pou ekip DC United--- nan Lig foutbòl Pwofesyonèl Ameriken an (MLS) , pral pase 2 ou 3 semèn sou ban touch la akòz yon chèok li resevwa. Ekzamen radyo, yo fè nan Janm msye, revele li genyen yon ligaman nan jenou dwat li ki foule. Espesyalis-yo Adu resevwa chòk sa-a samdi nan premye mitan match DC United ranpòte 3 a 2 sou Chicago Fire a. Dapre espesyalis yo blese a ase seryeu (yon blese 2 zyèm degre, yo di) e yo detekte li nan ligaman kolateral dwat li, men li pa mete karyè msye andanje.

Avan’n sant japonè Hidetoshi Nakata, rive nan Vil Londres kote li pral negosye avèk responsab klub londonyen Bolton Wanderers yo pou yon kontra. Nakata, aktuèlman ap jwe pou ekip Italyen Fiorentina. Sou Sit Wèb ekip Premye divizyon italyen an, Fiorentina di klub italyen an ap negosye transfè nakata avèk Bolton. Mana djè Bolton nan , Sam Allardyce, pa kache admirasyon li pou Nakata...e li di li pral gade kijan negosyasyon yo ap dewoule pandan pwochen jou pou’l konnen si vrèmanvre, foutbolè japonè a ap kapab vinn jwe pou ekip li a.

Basketball

Ostralie kale la Chine 89 a 50 nan tounwa entènasyonal baskètbòl 5 nasyon kap jwe nan vil Perth la, Ostralie, pou atribusyon Koup yo rele KOUP GAZ la. Map siyale ke Lachine tap evolue tou san AS NBA li yo, nap pale de YAO MING e san non plis tou ansyen jwè NBA WANG ZHI-ZHI ak MENGKR BATEER. Ostralie te ranpòte match ouvèti konpetisyon 71 a 66 sou Lithuanie. Nouvelle Zelande kale tou Lithuanie 79 a 62, jodi-a. New Zeland pral tope kònn-li ak Ostrali vandredi nan vil Sidney.

Tennis

Rus Maria Sharapova elimine konpatriòt li Maria Kirilenko 7-6, 6-2 yè Madi a nan okazyon 2 zièm tou tounwa tenis JP Morgan kap dewoule nan Los Anjeles Kalifòni. Uzbèk Varvara Lepchenko te bezwen 2 kout rakèt pou l kale Kwat Silvija Talaja 6-4, 6-2.

Espyòl Rafael Nadal monte maswife pou l kale konpatriòt li Carlos Moya nan tounwa tenis koup Rogers la 6-3, 6-7, 6-3. Ostralyen Lleyton Hewitt abandone rankont la akoz pwoblèm nan vant.

XS
SM
MD
LG