Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/9/05


Atletisme

4 trièm jounen chanpyona mondyal atletis kap dewoule nan Helsinki kanpe akoz la pli ak gwo van kap soufle. Juj yo pran desizyon an nan moman atlèt yo tap pare pou patisipe nan kous 100 mè hè a. Nan lòt nouvèl ki konsène chanpyona a Italyen Fiona May ansyen sitwayen Britanik dorijin jamayikèn mete fen nan karyè l apre li elimine nan final la. Espayòl Arturo Casado kalifye pou final kous 1500 mèt la kap dewoule demen Mèkredi.

Football

Responsab yo nan Dynamo de Kiev revoke antrenè Leonid Buryak apre ekip la elimine nan kalifikasyon Lig dè chanpyon Europeyen an. Anatoliy Demianchenko ap okipe pòs la pwovizwaman. Federasyon football Italyen an mande abitre entènasyonal Pierluigi Collina pou l mete fen nan kontra tèt ansanm li genyen ak konstruktè otomobil Open/ General Motors--menm konpayi ki patwone klub Italyen Milan A C. Federasyon an kwè gen yon konfli enterè. Dapre lwa an Itali yon abit kapab andose yon konpayi men li dwe jwen otorizasyon bò kote Asosyasyon Abit yo.

Federasyon Football Entènasyonal la rejte apèl Federasyon Nasyonal Football Kenya a te fè pou FIFA retounen sou desizyon li te pran pou l anpeche fanatik kenyan yo asiste 2 zièm rankont seleksyon an pral jwe lakay li kont 11 nasyonal peyi Tunizi a. Sepandan, otorite FIFA yo (ki tap abòde kesyon an jodi madi a) fè konnen se pou vis de fòm yo rejte apèl la, aprè Federasyon Nasyonal Football Kenyan an te soumèt dosye a twò ta, e san amand 2 mil 380 dola Federasyon entènasyonal la te pran kont seleksyon an. Daprè FIFA, demand d’apèl Kenya te rive nan katye jeneral federasyon entènasyonal la, nan vil Zurick, 8 Out pase --kidonk yè lendi-- sètadi, lontan aprè ekspirasyon delè 7 jou peyi a te genyen pou l t’ale an apèl kont desizyon FIFA te pran 25 Juyè.. Responsab FIFA yo pale ak federasyon football kenyan an pou mande l wete apèl li a ofisyèlman, sinon lap mete absè sou klou, paske responsab yo kapab pran lòt sanskyon kont federasyon an.

Natation

Najè Ostralyen Libby Lenton bay nouvo rekò mondyal nan kous 100 mèt naj lib la nan konpetisyon natasyon kout distans kap dewoule nan Melbourne Ostrali. Najè a kouvri kous la an 51 pwen 7-0 sekond pou l bat pwòp rekò li te bat nan semi final la yè swa.

Tennis

Chinwa Jie Zheng ak Japonè Aiko Nakamura ranpòte la viktwa nan tounwa tenis JP Morgan Chase kap dewoule an Carson an Kalifòni. Nakamura kale Italyen Flavia Farina an 2 manch 6-3, 6-4. Jie bò kote pa l pat pèdu tan pou te debarasse l ak Japonè Shinobu Asagoe 6-7, 6-3, 60. Lòt ki kalifye se Rus Dinara Safina, ak Ana Chakvetadze, Italyen Francesca Shiavonne, Arjantin Gisela Dulko,Tchèk Klara Koukalova ak Franse Marion Bartoli.

Ameriken Andre Agassi kalifye pou 2 ziém tou tounwa tenis ATP Rogers la kap dewoule nan Montreal gras ak 2 kout rakèt li pase Espayòl Alberto Martin. Rus Nikolay Davydenko, Arjantin Gaston Gaudio ak David Nalbadian ak Mariano Puerta, Espayòl Tommy Robredo ak franse Richard Gasquet tout kalifye pou pwochen tou a. CN-11

Numewo 10 tenis mondyal la Arjanten Guillermo Canas resevwa yon suspansyon otomatik 2 zan apre li pat pase yon tès dròg nan okazyon tounwa tenis ki te dewoule nan Meksik. Msye di li pa fè anyen ki pa sa. Msye gen pou l renmèt anviwon 300 mil dola li te resevwa nan touwna a e msye di li pa fè anyen ki pa sa. Msye ap gen 29 van lap reprann aktivite l an lan 2007.

XS
SM
MD
LG