Accessibility links

Breaking News

Lèzetazuni Bay Ayiti 20 Milyon Dola Pou Kore Pwosesis Elektoral la


Ajans Ameriken Pou devlopman Entènasyonal la, USAID, remèt gouvènman pwovizwa ayisyen an yon don 20 milyon dola pou ede òganize pwochen eleksyon yo, devlope polis nasyonal la, kreye travay ak pwogram ki pral ranfòse rejim lalwa nan peyi a. Seremoni siyati a te dewoule vandredi 5 out la nan buwo USAID, nan Bisantnè devan anbasadè Ameriken an, James B. Foley. Korespondan nou, Rotchild François Jr. te asiste seremoni an.

Menm Vandredi 5 out la, yon sektè nan prèss la, sou modòd Asosyasyon Jounalis Ayisyen yo (AJH) obsève yon jounen san nouvèl pou pwoteste e denonse yon kominike gouvènman pwovizwa a ki, dapre asosyasyon an, reprezante yon menas pou libète lapawòl. Sekretè jeneral AJH la, Joseph Guyler C. Delva ap eksplike sa nan mikwo Serge Rodriguez.

XS
SM
MD
LG