Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/05/05


Football

Vedèt entènasyonal foutbòl Portugè, Luis Figo, siyen yon kontra 2 zan ak klub Italyen Inter de Milan. Figo, ki gen 32 zan, tap jwe nan klub espayòl Real Madrid. Avan’n sant pòtugè-a deja pase ekzamen fizik pou detèmine si’l anfòm... e li supoze koumanse antrene demen samdi a ak Inter de Milan. Inter de Milan pa peye Real Madrid okenn frè transfè pou Figo----ki se jwè pòtugè ki jwe plis match entènasyonal pou Portugal ke nenpòt ki lòt foutbolè. An l’an 2002 Real te depanse 56 milyon dola (yon rekò pou transfè yon jwè) pou’l te achte Figo nan men Barcelone---yon ekip espayòl rival.

Msye genyen plizyè distenksyon sou blazon li: Foutbolè de l’ane an lan 2000 plis tit meyè jwè Federasyon Entènasyonal foutbòl la an lan 2001. Figo pral touche apeprè 9 milyon dola salè pandan 2 pwochen ane yo. Msye se 3 zyèm foutbolè ki kite Real Madrid ane sa a pou yo ale jwe nan Inter de Milan. 2 lòt yo se ajanten Santiago Solari ( yon milye teren) ak defansè Walter Samuel.

Chanpyona premye divizyon ameriken an D-C United ap jwe an deplasman lakay Chikago Fire. New England Revolution ap akeyi Kansas City Wizards. Real Salt Lake ap akeyi Chivas USA. Mew York Metro Stars ap fè yon long vwayaj lakay F C Dallas pandan ke Kolorado Rapids ap akeyi Galaksi epi Colonbus Crew ap jwen an deplasman lakay San Jose Earthquake. La patri an danje se pami rezon ki fè Zinedine Zidane, Claude Makelele aksepte pou l retounen nan seleksyon nasyonal football franse a. Gen posibilite pou Lilian Thuram retounen nan seleksyon an pou wè nan ki mezu yo kapab ede franse yo kalifye pou faz final koup du mond Almay 2006 la.

Basketball

Otorite spò chinwa yo kondane 14 basketè chinwa pou peye amann poutèt yo te atake kèk lòt jwè pòtoriken. Menm otorite yo kondane aksyon foutbolè yo ke yo kalifye kòm yon Wont Nasyonal; Press L’Eta a nan la Chine di ensidan an, ki te dewoule pandan tounwa baskèt 6 nasyon 29 Jiyè pase a nan vil Peken an, se yon Nwit Lawontèz..e li ajoute ensidan an nui repitasyon Lachine ki se syèj pwochen Jeu Olenpik yo an lan 2008, ki pral dewoule nan kapital chinwaz la. Batay la te eklate apre 2 jwè chinwa te pote boure sou teren an apre yon Pòtoriken te komèt yon fot sou yon koekipye yo. fanatik yo te voye tout kalite bout mamit ak gode sou teren an e fòse Pòtoriken-yo kouri kite teren-an men nan tèt pou pwoteje kalbass tètyo. Abit la te oblije rete match la, yon minut anvan tan reglemantè a: sa ki bay chinwa yo yon viktwa 91 a 80.

Tennis

Ameriken Andy Roddick kalifye pou kar de final tounwa tenis Legg Mason nan kap dewoule isit Washington gras ak yon viktwa an 3 manch li ranpòte devan espayòl Juan Ignacio Chela 6-4, 6-7, 6-4. Roddick pral rankontre ak Kwat Ivo Karlovic ki te bezwen 2 manch pou l kale Britanik Greg Rusedski 7-6, 6-4. Tailandè Paradorn Srichaphan voye al bwa chat Sud Afriken Wesley Moodie 6-3, 7-6 pou l al rankontre ak Peruvyen Luis Horna ki elimine ameriken Robby Ginepri 6-4, 7-6. Franse Arnaud Clemen kalifye men Sebastien Grosjean tonbe nan tounwa a.

Athletisme

Nan chanpyona mondyal atletism nan kap dewoule nan vil Helsinki, nan Fenland Samdi, chanpyòn Heptalon an tit la, suedwaz Carolina Kluft, ka pa ranpòte tit la ane sa a akòz yon blese li subi nan cheville (nan je pye’l) jodi vandredi a pandan li tap fè yon so an wotè. Manmzèl kounye-a pral patisipe nan lòt disiplinn yo avèk yon pye’l bande. Manmzèl genyen 12 tit afile nan 7 displinn depi ane 2001...e’l pase pou favori nan konpetisyon ane sa a. Li te supoze koumanse defann tit chanpyòn li an demen samdi a. Antrenè Kluft la di, foulay manmzèl fè nan je pye a pa grav e sa pa ta dwe nui chans La suede pou’l ranpòte twofe a yon 13 zyèm fwa. Federasyon Atletis Entènasyonal la kòmanse teste atlèt yo pou uzaj anabolizan depi Jedi avan dewoulman konpetisyon an. Responsab yo espere fè 850 tès pou pipiti konpare a 405 yo te fè pandan dènye chanpyona ki te dewoule nan vil Pari an 2003.

Ayiti figure pami 200 peyi kap patisipe nan konpetisyon an. Kliké sou ralonj ki anlè atik sa a pou n tande repòtaj espesyal la!

XS
SM
MD
LG