Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/2/05


Football

Footbalè Brezilyen Ronaldo retounen nan liy datak seleksyon Brezil la kap pare pou l jwe yon match amikal kont Kwasi 17 Out kap vini la a. Rankont ki konsidere kòm yon match chofe jarèt avan brezil rankontre ak Chili nan kad eliminatwa koup du mond Almay 2006 zòn Amerik du Sud an Septanb.

Match retou faz elimintwa Lig dè chanpyon Europeyen ap rapousib jodi a ak demen Liverpool ap rankontre klub Lituanyen FBK Kaunas jodi a. Alman Michael Ballack prèske jwen yon antant ak Manchester United pou l pote mayo ekip la apre koup du mond Almay 2006 la.

Klub football brezilyen Santos libere Robinho an mèm tan evite tonbe nan pwoblèm ak FIFA--desizyon ki louvri wout pou Robinho transfere nan Real Madrid ki peye klub la 30 milyon dola pou transfè a. Responsab Real Madrid yo libere football angle Michael Owen pou fè plas pou 2 atakan yo rekrute--tankou Robinho ki kite Santos ak Julio Baptista ki te konn jwe nan F C Seville. Arsenal, Manchester United ak Newcastle ap chache jwen sèvis ansyen balon dò Europeyen an 2001.

Defansè brezilyen Roberto Carlos prete sèman kòm sitwayen espayòl jodi a. Naturalizasyon an pèmèt Roberto Carlos kontinye woule balon pou klub Madrilèn an tan ke sitwayen Unyon Europeyen e pèmèt Robinho ak Julio Batista evolye ansanm ak Ronaldo kòm 3 jwè non Europeyen

Tennis

Jwè tenis Ekwatoryen Giovanni Lapentti te bezwen 2 manch pou l kale franse Nicolas Mahut 6-2, 6-3 nan tounwa tenis Legg Mason Classic la kap dewoule isit Ozetazuni--viktwa ki pèmèt li pase nan 2 zièm tou a pou l al rankontre ak ameriken Andy Roddick. Nan match ki te jwe bonè nan jounen an Alman Alexander Popp kale konpatriòt li Bjorn Pau 7-6, 2-6,6-3. Ameriken Paul Goldstein elimine Kolobyen Alejandro Falla 6-3, 6-2. Sud Afriken Wesley Moodie pat gen pwoblem pou l kale Ostralyen Robert Smeets 6-4, 7-6. Pou yon fwa ameriken Andre Agassi pap patisipe nan tounwa a yon fason pou l kapab repoze l avan lal patisipe nan tenis US Open nan-dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a.

Jwè tenis Italyen Flavia Pennetta kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis Acura Classic Feminen kap dewoule nan San Diego Kalifòni apre li elimine ameriken Marissa Irvin 6-2, 6-2. Franse Tatiana Golovin retounen nan peyi l apre Rus Anna Chakvetadze woule l ak kout rakèt 6-4, 6-4.Tchèk Iveta Benesova te bezwen 3 kout rakèt 6-2, 3-6, 7-5 pou elimine Kolonbyen Fabiola Zuluaga. Japonè Akiko Morigami, Tchèk Koukalova Chinwa Shuai Peng tout pase nan pwochen tou a. Ameriken Lindsay Davenport fè retrè nan konpetisyon an.

Atletisme

Federasyon Atletis Entènasyonal la di li pap tolere oken fo depar pandan chanpyona mondyal atletis entènasyonal kap dewoule nan Helsinki an Findland soti 6 pou rive 14 Out. Ayiti ap reprezante nan konpetisyon an.

XS
SM
MD
LG