Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/29/05


Olympic

Gen 7 vil ki kandida pou òganize je zolenpik divè yo an lan 2014. Vil sa yo se Almaty, Kazakhstan, Borjomi, Jaca, Pyeonchang, Salsburg, Sochi ak Sofia. Vil sa yo gen juskan Fevriye pou yo reponn yon kesyonè detay Komite Olenpik Entènasyonal la soumèt ba yo. Komite Olenpik entènasyonal la ap seleksyone vil kap òganize je yo nan okazyon rankont kap dewoule nan Gwatemala an Juyè 2007.

Football

Inter de Milan, Ajax Amsterdam, Manchester United pati favori nan tiraj osò Lig dè chanpyon Europeyen an ki fèt jodi a. Inter de Milan ap rankontre ak klub Ukrenyen Shakhtar Donetsk, Manchester United ap kontre ak swa ak klub Ongwa Debrecen ou klub Kwat Hadjuk Split. Tiraj gen pou l jwe kont klub Albanè KF Tirana ou byen klub Bulgar CSKA. 14 ekip ap klase nan 2 zièm tou kalifikatif la. Match ale a ap kòmanse 9 e 10 Out pandan ke match retou a fikse pou 23 e 24 Out.

D-C United tonbe 2 a 1 devan chanpyon lig football Angle Chelsea nan kad yon match chofe jarèt ki jwe ant 2 chanpyon yo. D-C United te louvri skò a gras ak yon gòl tèt Bobby Broswell te make nan 31 nièm minit premye mitan avan Damien Duff te egalize pou vizitè yo. Chelsea te ogmante skò a nan 56 zièm minit apre atakan arjanten Hernan Crespo te paralize defans D-C United la.

Chelsea ap jwe yon dènye match chofe jarèt Dimanch nan Giant Stadium fas a Milan A C. Demen Samdi a nan Kolonbus Ohio klub football angle Fulham ap rankontre ak yon seleksyon tout vedèt nan Lig Football balonwon ameriken an kap make mwatye sezon an.

Tennis

Ameriken Andre Agassi ap raproche l pou l ranpòte yon 4 trièm tit koup Mercedez Benz la kap dewoule nan Los Anjeles apre li kalifye pou kar de final la gras ak yon viktwa an 2 manch li ranpòte devan Kevin Kim 6-2, 7-5. Agassi ap rankontre nan kar de final la ak Tailandè Paradorn Srichaphan ki te bezwen 2 manch pou-l kale ameriken Paul Goldsten. Luksanbourjwa Gilles Muller elimine Zach Fleishman 6-3, 7-5.

Numewo 1 tennis mondyal ameriken Lindsay Davernport deklare fòfè nan tounwa tenis West Bank Clasik la kap dewoule nan Stanford akoz yon blesu.

Vedèt tenis ameriken Serena Williams ak Rus Maria Sharaoiva abandone tounwa tenis Acura Classic akoz blesu.

Natation

Najè Polonè Otylia Jedrzejczak bat yon rekòm du mond nan naj 200 mèt papiyon nan okazyon chanpyona mondyal natasyon kap dewoule nan Montreal Kanada. Italyen Filipoo Magnini ranpöte meday dò nan kous 100 mèt maskulen an pandan ameriken Michael Phelps fini an 7 tièm pozisyon.

XS
SM
MD
LG