Accessibility links

Breaking News

Dosye Ayiti: 10 Moun Mouri Nan Yon Aksidan Kamyon Nan Gonayiv


Ayiti: Plis pase yon dizèn moun mouri e plizyè lòt blese nan vil Gonayiv lè yon kamyon te antre nan yon mache piblik. Korespondan nou Duc Jonathan Joseph gen detay depi Gonayiv.

Yon responsab legliz katolik nan Sidès peyi dAyiti kritike yon patizan Fanmi Lavalas ki nan prizon, poutèt li pat janm kondane zak vyolans k'ap ogmante nan peyi a depi 30 Septanm ane pase. Korespondan nou Jean Martinez gen detay depi vil Jakmel.

Komisyon gouvènman enterimè a te kreye pou mennen ankèt sou jesyon administrasyon ansyen gouvènman Lavalas la, kòmanse pibliye yon seri rapò ki enplike yon seri zotobre nan ansyen rejim nan e menm kèk eleman nan sektè prive a. Gouvènman an sòt òganize yon rankont ak pati politik yo pou l'diskite sou dosye peyi a. Se kèk nan pwen Jean Robert Philippe te abòde ak jounalis e analis politik ayisyen Clarens Renois.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks sa a si ou vle tande gran pwen aktyalite a pou mèkredi 27 jiyè a.

XS
SM
MD
LG