Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/27/05


Football

Ronaldo make 2 gòl nan viktwa 3 a 1 Real Madrid ranpòte devan klub Japonè Jubilo nan okazyon yon match amikal ki jwe nan vil Tokyo o Japon. Sa fè Reyal Madrid 5 kièm rankont li jwe nan okazyon toune entènasyonal lap fè an Azi. Ekip Madrilè n nan ap kloture toune a ak yon rankont lap jwe ak yon seleksyon football Tailandè nan Bangkok Vandredi.

An Almay, Stuttgart elimine Bayern de Munik pou l rankontre an final ak venkè semi final rankont ant Gerlsenkirchen nan koup Lig la. Final la fikse pou Madi 2 Out la nan Leipzig.

Defansè Arjanten Walter Samuel kap jwe nan Real Madrid kapab al jwe nan Inter de Milan pou plis pase 16 milyon dola. Dapre antant ki jwen ant 2 ekip yo Inter de Milan dakò pou l bay Real Madrid plis pase 3 milyon dola epi rès la ap vèse pa tranch pandan yon periòd ki pap depase 3 zan. Gen lòt negosyasyon kap fèt pou Potugè Luis Figo ta al jwe nan Inter de Milan.

Basketball

Ansyen antrenè Detroit Pistons an Larry Brown dakò an prensip pou l tounen 22 zièm antrenè New York Knicks ki sanble ta ofri Brown ant 50 a 60 milyon dola sou yon periòd 5 kan. Yon anons ofisyèl pap fèt pazavan Jedi 28 Juyè. Brown pran tèt ekip la ki fini sezon pase a ak 33 viktwa 49 defèt. Dènye fwa New York Knicks te kalifye pou yon faz final se te an lan 2000.

Kadyològ yo nan Univèsite Stanford reyusi operasyon akè ouvè yo tap fè sou basketè franse Rony Turiaf ke Los Anjeles Lakers te seleksyone pandan tiraj osò NBA ki te dewoule mwa Jwen pase a.

Atletisme

52 Atlèt (22 fi ak 30 gason) ap reprezante la Frans nan koup du mond Atletis ki gen pou dewoule nan Helsinki an Findland soti 6 pou rive 14 Out kap vini la a.

Tennis

Ansyen chanpyon tenis Roland Garos la Arjanten Gaston Gaudio kalifye pou 3 zièm tounwa tenis Generali a kap dewoule an Otrich nan yon jounen kote plizyè lòt jwè tenis elimine--tankou Belj Olivier Rochus, Peruvyen Luiz Horna, Rus Igor Andreev ak franse Paul Henri Mathieu-tout mesye sa yo fè malèt yo.

Yon lòt kote Slovè n Katarina Srebontnik ak Kwat Jelena Kostanic kalifye pou kar de final tounwa tenis Budapest la kap dewoule nan la Ongri. Jwè tenis Swedwa Joachim Johansson fè yon kanpo pou sezon an apre operasyon li subi nan zèpòl. Johansson te klase 14 zièm mondyal lè l te ranpòte 2 tounwa pandan ane a nan Adelaide ak Marseille

Natation

Najè Zimbabweyen Kirsty Coventry ranpòte kous natasyon 100 mèt feminen chanpyona mondyal natasyon kap dewoule nan Montreal Kanada devan alman Antje Buschschutlte ak ameriken Natalie Coughlin. Ameriken Michael Phelps ranpòte meday dò nan kous 200 mèt naj lib la devan Ostralyen Grant Hackett ak Sud Afriken Ryk Neethling

Tennis

Ameriken Meghann Shaughnessy te bezwen 3 manch pou l kale Rus Vera Zvonareva 6-3, 1-6, 7-6 nan tounwa tenis klasik feminen West Classic nan Standord an kalifòni. Tchèk Iveta Benesova te bezwen 2 manch pou l kale Chinwa Shuai Peng 6-4, 7-6. Italyen Francesca Schiavone woule rus Alina Jidkova 6-4, 6-1.

Ameriken James Blake kalifye pou pwochen tou tounwa tenis Mercedez-Benz la kap dewoule nan Los Anjeles. Blake te fòse alman Nicolas Kiefer abandone tounwa a akoz li tap soufri ak yon maladi.. Slovak Dominik Hrbaty te bezwen 2 kout rakèt pou l kale konpatriòt li Karol Beck 6-4, 6-1. Alman Tommy Haas tronpe vijilans Kwat Ivo Karlovic 6-4, 6-4.

XS
SM
MD
LG