Dimanch 24 jiyè a se te Jounen Nasyonal Elektè nan peyi d Ayiti kote tout sitwayen ayisyen ki gen laj pou yo vote te gen pou y'ale wetire kat elektoral yo. Kat sa a se, anmenmtan, yon kat idantifikasyon nasyonal ki pral nesesè, dapre sa otorite Pòtoprens yo deside, pou divès kalte tranzaksyon.
Yon lòt kote, yon delegasyon IRI (Enstiti Repibliken Entènasyonal) ki te gen ladan n' plizyè ansyen manm Kongrè ameriken an (tankou Repibliken Ben Gilman ak Demokrat Bob Graham) mete fen jodi a nan yon vire won li t'ap fè nan kapital ayisyèn nan. Ki sa ki soti nan vizit sa a? Koute repòtaj korespondan nou an pou repons.