Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Gwo Lidè Gang Sou Rejim Aristide la, Paul Raymond, Jwenn Arestasyon l


Otorite repiblik Dominikèn yo arete ansyen chèf gang Paul Raymond, yon nèg yo reproche dèske l komèt plizyè vyolasyon dwazimen grav sou rejim Aristide la.

Repiblik Dominikèn deja remèt Paul Raymond bay otorite peyi dAyiti. Pandanstan, la polis kontinye ap entèroje pè Gérard Jean-Juste, yon gwo patizan ex-prezidan Aristide, sou sa l konnen konsènan zak vyolans k’ap fèt nan kèk katye kapital la, Pòtoprens.

Otorite yo ayisyen yo kwè patizan Msye Aristide yo enplike nan zak vyolans k’ap sakaje kapital la. Pè Jean-Juste deklare nan laprès li apwiye mouvman k’ap fèt an favè retou Msye Aristide ann Ayiti.

Yon lòt kote, nouvo chèf Polis Ayiti a, Mario Andrésol prete sèman vandredi. Korespondan nou Rotchild Francois Junior ap repronn kesyon Ronald César.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay.

XS
SM
MD
LG