Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 7/22/05


Tour de France

Siklis Italyen Giuseppe Guerini ranpòte 19 vièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ki kouvri yon distans 154 kilomèt. Ameriken Lance Armstrong toujou nan tèt klasman jeneral la.

Tennis / US Open

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen ameriken Jennifer Capriati pap patisipe nan tounwa tenis Etazuni an akoz yon blesu nan zèpòl. Se dènye gran tounwa tenis Gran Shelem pou ane a. Tounwa a ap kòmanse Lendi 29 Out pou l fini 11 Septanb nan Flushing Meadow nan New York ak patisipasyon pi gran jwè tenis sou tè a.

Football

Seleksyon nasyonal ameriken an make 2 gòl nan fen rankont la pou pèmèt yo kale Honduras 2 a 1 nan kad semi final koup dò KONKAKAF la ki dewoule yè Jedi a nan Giant Stadium tou pre vil New York. Oguchi Onyewu make gòl viktwa a 90 sekond pandan arè de je yo apre John O’Brien te egalize pou ti msye tonton Sam yo nan 40 tièm minit 2 zièm mitan an. Etazuni, ki ranpòte trofe a 2 fwa, pral rankontre Panama, revelasyon tounwa a , ki elimine Kolonbi 3 a 2 nan yon rankont gason pat kanpe. Final la fikse pou Dimanch toujou nan Giant Stadium.

Otorite yo FIFA yo soulaje sanksyon yo pran kont Barbad ki entèdi de tout konpetisyon football entènasyonal la akoz yon hing/hang ki genyen ant 2 dirijan e ki te men-nen afè a devan yon tribunal lokal. FIFA entèdi federasyon football yo pou chache rezoud yon pwoblèm entèn nan yon tribunal. Jacques Warner ki se vis Prezidan FIFA a, anonse chanpyona lokal la kapab rekòmanse 7 Out kap vini la a menm lè peyi a poko kapab jwe oken konpetisyon entènasyonal la.

5 peyi a soumèt dosye yo kòm kandida pou òganize Koup dEuròp dè nasyon an an lan 2012. La Grès, Itali ak la Turki epi Kwasi vle òganize konpetisyon an tandè m ak la Hongri --menm situasyon an pou la Polòy ki vle mete ansanm ak Ukrèn. Dirijan football Europeyen yo pral kòmanse evalue enstalasyon spòtif peyi sa yo. 7 Novanm otorite ap redui lis la a 3 peyi a epi en Desanm 2006 yap anonse peyi kap òganize konpetisyon an an lan 2012. Pwochen koup dEuròp dè Nasyon an ap dewoule an Swis an lan 2008.

Posibilite pou footballè brezilyen Robson de Souza alyas Robinho transfere soti nan klub Brezilyen Santos pou al jwe nan Real Madrid ap rapousib dapre vis prezidan Real Madrid la Emilio Butragueno. Real Madrid sanble ta enterese peye federasyon football Brezilyen 30 milyon dola pou frè transfè Robinho. Nap swiv!

Tennis

Italyen Flavia Pennetta remonte yon defisi pou l kale Swis Emmanuelle Gagliardi 1-6,6-3, 6-3 pou l kalifye pou kar de final tounwa tenis Feminen kap dewoule nan Parlerme an Sicil. Lòt jwè ki kalifye se Tchèk Klara Koukalova ki pral rankontre ak alman Martina Muller. Arjantin Mariana Diaz-Oliva ap rankontre ak espayòl Anabel Medina Garrigues.

Endyen Sania Mirza kalifye pou kar de final tounwa tenis feminen Cincinnati a pou l al rankontre ak Japonè Akiko Morigami.

XS
SM
MD
LG